Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 novanm
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye desanm ak Réveillez-vous ! novanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale.
15 min : “ Ajan se pou mwen, lò se pou mwen. ” Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2007, paj 17-21.
20 min : “ Annou mache tankou moun ki saj. ”a Si gen tan pou sa, mande moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo bay kòm referans yo.
Semèn 19 novanm
10 min : Anons lokal. Di ki piblikasyon n ap ofri an desanm, epi fè yon demonstrasyon sou fason pou yo prezante l.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Pinga nou ezite ! ”b Lè w ap egzamine paragraf 5 lan, fè kèk moun ki gen etidyan yo ki pran laverite fè kòmantè. Mande yo ki byenfè e ki jwa yo genyen lefètke yo kondui yon etid biblik ki pwogrese. Prepare youn ou de kòmantè alavans.
Semèn 26 novanm
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye desanm nan ak Réveillez-vous ! desanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Èske nou ka elaji lanmou nou ? Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 1ye janvye 2007, paj 9-11.
20 min : Jèn, ki jan nou ka bay Jewova louwanj ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Li baze sou Toudegad 1ye jiyè 2005, paj 16-8, paragraf 15-19, sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè w ap egzamine paragraf 18 la, envite kèk jèn nan oditwa a pou yo rakonte ki sa yo te fè pou yo bay elèv lekòl yo oubyen pwofesè yo temwayaj.
Semèn 3 desanm
15 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Egzamine Repons kesyon w yo.
15 min : Yon lekòl kote moun ki diplome ladan l yo itil lemonnantye. Diskou sa a baze sou La Tour de Garde 15 novanm 2006, paj 10-13. Fè yon entèvyou tou kout ak nenpòt ansyen oubyen asistan ministeryèl nan kongregasyon an ki te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl. Mande l kòman lekòl la te ede l pwogrese antanke evanjelizatè, bèje e anseyan ? Ankouraje frè ki kalifye yo pou gen kòm objektif pou yo asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl la.
15 min : “ Annou pataje esperans Wayòm nan ak lòt moun. ”c
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.