Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 septanm
Kantik 20
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? an pou yo ka prepare pou patisipasyon ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 25 septanm lan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! septanm nan. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan prezantasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen gen relijyon pa m ”. — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 18, 19.
20 min : Tire pwofi nan reyinyon sèvis la ak nan Lekòl ministè teyokratik la. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan soutit ki nan paj 64 la pou rive nan soutit ki nan paj 69 la.
15 min : Lèt filyal la. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou lèt ki nan premye paj Ministè Wayòm sa a. Fè kòmantè sou Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm janvye 2005 lan. Entèvyouwe moun nan kongregasyon an ki te bay èd oswa ki te resevwa èd apre yon dezas ki te pase sa pa gen lontan.
Kantik 126 ak priyè final.
Semèn 18 septanm
Kantik 213
5 min : Anons lokal.
15 min : Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a ? Siveyan sèvis la ap analize rapò sèvis ane pase a. L ap mete aksan sou bon travay frè yo te akonpli nan ministè a, e l ap ba yo felisitasyon apwopriye. Mansyone youn ou de domèn yo bezwen bay plis atansyon nan ane k ap vini an. Fè kèk remak sou travay pyonye yo te fè. Felisite yo pou bon travay yo te akonpli. Pale sou bon rezilta nou te jwenn grasa efò ki te fèt pou ede moun ki inaktif yo.
25 min : “ Yon kanpay espesyal soti 16 oktòb pou rive 12 novanm ! ” Konvèsasyon avèk oditwa a yon ansyen ap fè avèk antouzyas. Apre yo fin li enfòmasyon yo bay nan lèt 6 jen 2006 yo voye bay kolèj ansyen yo, distribye yon egzanplè Nouvèl Wayòm no 37 la bay chak moun ki nan asistans lan. Apre sa, sèvi ak metòd kesyon/repons pou egzamine atik la. Fè konnen ki dispozisyon ki pran pou kouvri tout tèritwa kongregasyon an. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo patisipe afon nan kanpay sa a. Fè yon demonstrasyon pou montre ki jan nou ka fè yon prezantasyon ki kout.
Kantik 50 ak priyè final.
Semèn 25 septanm
Kantik 94
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa septanm. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! oktòb la, lè n ap bay temwayaj nan lari.
25 min : “ Yon kasèt videyo ki merite pou nou reflechi sou li. ”a Lè n ap egzamine premye paragraf la, mande moun nan kongregasyon an pou yo fè kèk kòmantè tou kout sou kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? an. Tousuit apre, kòmanse egzamine chak kesyon ki nan paragraf 2-7 yo. Pou fini, ankouraje fanmi yo pou yo pa pran anpil tan anvan yo gade DVD Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie ?
10 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte eksperyans yo te fè pandan yo t ap prezante Réveillez-vous ! espesyal la oswa pandan yo t ap kòmanse etid biblik depi nan premye rankont lan nan liv Sa Labib anseye a. Nou kapab fè demonstrasyon pou montre youn oswa de bèl eksperyans ki te fèt.
Kantik 183 ak priyè final.
Semèn 2 oktòb
Kantik 36
10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou Repons kesyon w yo.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Temwayaj kay an kay. ”b Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.
Kantik 127 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.