Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 jen
Kantik 218
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! jen an ak Toudegad 1ye jiyè a. Nan youn nan prezantasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap ofri peryodik yon fason enfòmèl. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : “ Ministè nou an : yon travay ki reflete konpasyon. ”a Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo bay kòm referans yo.
15 min : Annou fè “ esklav fidèl ki prevwayan an ” konfyans. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 3 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.
Kantik 47 ak priyè final.
Semèn 19 jen
Kantik 21
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
20 min : Yon pawòl nan bon moman li, o, ala sa bon ! Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou La Tour de garde 1ye janvye 2006 (fransè), paj 16-19. Nan entwodiksyon an, mete aksan sou kat byenfè ki genyen lè nou felisite pwochen nou, jan yo mansyone sa nan soutit “ Des effets bénéfiques ” la. Ansuit, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou kesyon sa yo : Kiyès ki plis merite pou nou louwe l ? Poukisa adoratè Jewova parèy nou merite nou fè yo felisitasyon ki sensè ? Ki okazyon nou genyen pou nou felisite moun nan kongregasyon an ? Poukisa li pwofitab pou nou felisite manm fanmi nou, e ki jan nou ka fè sa ? Ki jan ou te jwenn ankourajman ak fòs grasa felisitasyon yo te fè w ?
15 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou felisite yo. ”b Fè yon demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap koute moun l ap preche a avèk atansyon, l ap felisite moun nan sensèman, e apre sa, l ap bati sou sa moun nan di a pa mwayen yon vèsè apwopriye l ap li avè l.
Kantik 96 ak priyè final.
Semèn 26 jen
Kantik 63
15 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! jiyè a. Nan fen chak prezantasyon, pwoklamatè a ap soulve yon kesyon ki pou fè moun nan reflechi, yon kesyon li kapab reponn nan yon pwochen vizit grasa liv Sa Labib anseye a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Fason nou ka sèvi nan yon kongregasyon lang etranje. Diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 mas 2006 (fransè), paj 17-20. Fè kèk kòmantè sou liv Organisés a, nan paj 112 § 2. Fè yon aplikasyon lokal sou sijè a. Nou ka fè youn oswa de entèvyou avèk moun k ap aprann yon lòt lang pou yo ka etann ministè yo.
15 min : Ann anonse bon nouvèl la an jiyè. Ki sijè ki plis enterese moun yo nan tèritwa w la ? Fè entèvyou tou kout ak youn oswa de pwoklamatè ki te byen sèvi ak liv Sa Labib anseye a e petèt ki te kòmanse yon etid biblik. Apre sa, fè yon demonstrasyon pou montre yon pwoklamatè ki nan predikasyon kay an kay k ap prezante piblikasyon n ap ofri pou mwa a etan l ap sèvi ak yon prezantasyon ki efikas nan tèritwa w la. — Gade Ministè Wayòm janvye 2005, paj 8 § 5.)
Kantik 208 ak priyè final.
Semèn 3 jiyè
Kantik 111
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jen si yo potko fè sa.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Fason pou w atenn objektif espirityèl ou genyen. ”c Mande jèn ki nan kongregasyon an pou yo fè kòmantè sou objektif espirityèl yo genyen e sou sa yo pral fè pou yo atenn yo. Nou ka fè aranjman alavans pou youn oswa de moun fè kòmantè sou sa.
Kantik 30 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.