Pwogram reyinyon sèvis
Remak : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis k ap fèt anvan kongrè a pou nou repale sou konsèy presi ki konsène kongregasyon an, konsèy nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Yon mwa oswa de mwa apre kongrè a, pran ant 15 a 20 minit nan yon reyinyon sèvis (petèt nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an) pou nou fè yon ti pale sou kèk pwen enpòtan nan kongrè a. Nou pa pral retounen sou tout pwogram kongrè a nèt. Men, n ap atire atansyon sèlman sou pati ki gen rapò dirèk ak aktivite predikasyon an. Mande moun nan oditwa a pou yo fè yon ti pale sou fason y ap aplike enfòmasyon sa yo nan ministè yo.
Semèn 10 avril
Kantik 49
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 avril ak Réveillez-vous ! avril la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, pwoklamatè a ap prezante tou liv Sa Labib anseye a bay moun ki montre yo enterese anpil nan mesaj ki nan Bib la.
15 min : “ Fason pou nou rete zele. ”a Fè kèk kòmantè sou La Tour de Garde 15 jen 2002 (fransè), paj 14, paragraf 13.
20 min : “ Èske w ka ajiste pwogram ou ? ”b Adapte sijè a selon tèritwa nou. Mansyone aranjman kongregasyon an fè pou yo preche nan fen aprèmidi oswa nan aswè.
Kantik 13 ak priyè final.
Semèn 17 avril
Kantik 104
15 min : Anons lokal. Atire atansyon sou dispozisyon ki pran nan kongregasyon an pou diskou espesyal la. Ankouraje tout moun pou yo kontinye sèvi ak dènye paj La Tour de Garde 1ye avril (fransè) pou yo envite moun ki te vin nan Memoryal la, etidyan Labib yo ak lòt moun ki enterese, vin asiste diskou a. Fè yon ti pale sou de oswa twa eksperyans ki te fèt pandan yo t ap sèvi ak Toudegad sa a pou yo envite moun vin asiste diskou espesyal la.
12 min : Bezwen kongregasyon an.
18 min : “ Annou fè etid biblik n ap kondui nan papòt ak nan telefòn yo pwogrese. ”c Fè yon demonstrasyon tou kout k ap montre sa yon pwoklamatè ka di pou l fè tranzisyon soti nan papòt pou rive anndan kay la.
Kantik 162 ak priyè final.
Semèn 24 avril
Kantik 66
15 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Diran mwa me a, nou pral kontinye prezante Toudegad ak Réveillez-vous ! Sèvi ak sijesyon ki nan paj 8 la oswa ak lòt prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa w la pou fè demonstrasyon sou fason pou nou ofri Toudegad 1ye me ak Réveillez-vous ! me a. Apre demonstrasyon yo, atire atansyon sou lòt atik nan peryodik sa yo ki ka enterese moun nan tèritwa a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
30 min : “ Kontinye tann Jewova. ”d Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Di nan ki kongrè kongregasyon an envite. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte ki jan lè yo toujou gen ensiy yo sou yo lè yo pral nan kongrè ak lè y ap sot nan kongrè, sa ouvri chemen pou yo bay temwayaj. Ankouraje moun nan oditwa a pou yo pwofite okazyon yo jwenn pou yo bay temwayaj enfòmèl e pou yo sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou yo ekri non tout moun yo rankontre ki enterese.
Kantik 191 ak priyè final.
Semèn 1ye me
Kantik 211
5 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa avril. Egzamine kare “ Èske w mande yo pou yo fè w pran kontak ak lòt moun ? ” nan ki nan paj 6 la.
10 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : pa mwayen yon bon kontak vizyèl. ”e Fè yon demonstrasyon tou kout kote y ap montre yon pwoklamatè ki nan yon andwa piblik, li reyisi fè je l tonbe nan je yon moun epi li tou antame yon konvèsasyon avè l, apre sa li ba l temwayaj.
15 min : Medite sou aktivite Jewova (Sòm 77:12). Diskou avèk patisipasyon oditwa a pou prezante Annuaire 2006 la. Egzamine pwen ankourajan ki nan lèt Kolèj santral la (paj 3-5). Egzamine sa ki di nan soutit “ La traduction de la Bible ” (paj 10-11). Rakonte kèk pwen enteresan ak kèk eksperyans ki te fèt ane pase (paj 6-64). Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou pwen yo te apresye lè yo t ap li Annuaire 2006 la. Ankouraje tout moun pou yo sèvi avè l pou yo ede etidyan Labib yo devlope apresyasyon pou òganizasyon Jewova a.
15 min : “ Yon kanpay mondyal pou anonse kongrè distri ‘ Delivrans lan toupre ! ’ a ”f Fè li tout paragraf yo.
Kantik 82 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.