BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 9 me
  • Semèn 16 me
  • Semèn 23 me
  • Semèn 30 me
  • Semèn 6 jen
Ministè Wayòm nan — 2005
km 5/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 9 me

Kantik 217

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 me ak Réveillez-vous ! 22 me. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan prezantasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap ofri peryodik, yon fason enfòmèl nan transpò piblik. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou touche kè moun yo. Diskou sa a baze sou La Tour de Garde 1ye fevriye 2005, paj 28-31 (fransè). Esplike jan Jezi te sèvi ak Ekriti yo pou li ede Pyè. Montre fason nou ka suiv egzanp Jezi lè nou oblije korije panse ak santiman pitit nou, moun n ap etidye Labib avèk yo e menm pwòp tèt nou.

20 min : “ Fè yon pwogram ki pratik pou fanmi an. ” Nan yon entwodiksyon ki dire mwens pase de minit mete aksan sou enpòtans yon pwogram ekri genyen. Epi esplike jan pou nou ranpli pwogram vid ki nan paj 6 la. Apre sa, egzamine atik “ Pwogram pou fanmi an : Reyinyon kongregasyon an ” avèk kesyon/repons. Envite moun nan oditwa a pou yo di ki jan yo fè pou yo rive kenbe lòt aktivite yo nan plas yo san yo pa anpyete sou reyinyon kongregasyon an. Nan semèn k ap vini yo nou pral egzamine lòt aspè toujou konsènan pwogram pou fanmi an.

Kantik 176 ak priyè final.

Semèn 16 me

Kantik 201

10 min : Anons lokal.

15 min : “ Pwogram pou fanmi an : Predikasyon an fanmi. ”a Envite moun nan oditwa a pou yo di pwofi yo tire lè yo preche regilyèman ansanm ak fanmi yo.

20 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Nevyèm pati. ”b Lè n ap egzamine paragraf 2 a, mete aksan sou youn oubyen de pwen ki nan paj 8, Ministè Wayòm desanm 2004 la. Fè yon demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap kondui yon etid biblik. Apre li fin egzamine leson 2 nan bwochi Bondye vle a, l ap mande etidyan an : “ Kòman w t ap esplike yon zanmi w ki non Bondye ? ” Etidyan an ap esplike jan li t ap itilize Sòm 83:18, e apre sa moun k ap kondui etid la ap felisite l.

Kantik 134 ak priyè final.

Semèn 23 me

Kantik 194

12 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye jen ak Réveillez-vous ! 8 jen. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

18 min : “ Jou Jewova a pre. ”c Lè n ap prepare pati sa a, gade nan liv Prophétie de Daniel la, paj 59, paragraf 28.

15 min : “ Pwogram pou fanmi an : Etid familyal. ”d Fè aranjman alavans pou youn oubyen de moun di ki jan yo pwograme etid familyal yo e mande yo ki efò yo oblije fè pou yo fè etid la regilyèman.

Kantik 152 ak priyè final.

Semèn 30 me

Kantik 190

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa me. Di ki piblikasyon n ap ofri an jen. Fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante piblikasyon n ap ofri a. Sèvi ak youn oubyen de nan prezantasyon modèl ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2005 lan (si yo apwopriye pou tèritwa kongregasyon an). Nou ka itilize lòt prezantasyon ki pratik.

20 min : “ Pwogram pou fanmi an : Tèks pou jounen an. ”e Envite moun nan oditwa a pou yo di ki pwofi fanmi yo tire lefètke yo egzamine tèks pou jounen an ansanm e mande yo ki pwogram yo twouve ki pratik pou yo rive fè sa.

15 min : Rakonte kèk eksperyans nou te fè nan predikasyon pandan mwa mas, avril ak me oubyen fè demonstrasyon sou jan sa te pase. Fè aranjman alavans pou youn oubyen de moun di ki efò yo te fè pou yo ogmante patisipasyon yo nan ministè a pandan peryòd Memoryal la e ki benediksyon yo te jwenn.

Kantik 115 ak priyè final.

Semèn 6 jen

Kantik 155

10 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Annou kiltive enterè nou jwenn grasa wout peryodik. ”f Lè n ap egzamine paragraf 3 a, atire atansyon sou liv Comment raisonner a, nan paj 336-41. Nou ka sèvi ak enfòmasyon sa yo pou nou prepare yon seri konvèsasyon, kote nou itilize yon vèsè biblik pou nou montre sa Wayòm Bondye a pral akonpli. Fè yon demonstrasyon sou fason yon pwoklamatè ka fè yon konvèsasyon sou yon vèsè biblik ak yon moun li gen wout peryodik. Pwoklamatè a ap fè yon ti pale tou kout sou vèsè a. Apre sa, l ap bay yon egzanp sou aplikasyon vèsè a pou l ede moun nan byen konprann li, e pou l ede l wè enpòtans vèsè sa a nan lavi l.

Kantik 107 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje