BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 13 septanm
  • Semèn 20 septanm
  • Semèn 27 septanm
  • Semèn 4 oktòb
Ministè Wayòm nan — 2004
km 9/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 septanm

Kantik 43

12 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 septanm ak Réveillez-vous ! 22 septanm. Nou ka itilize lòt prezantasyon tou. Apre chak demonstrasyon, fè yon kòmantè toukout pou souliye yon aspè pozitif nan prezantasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Ann kenbe je nou senp. ”a Sèvi ak kesyon yo bay yo. Si gen tan pou sa, atire atansyon sou vèsè yo site yo.

18 min : Yo wè ak je yo bèl aksyon nou fè (1 Pyè 2:12). Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou Toudegad 1ye novanm 2002, paj 22-24, paragraf 14-20. Envite oditwa a pou yo fè kèk kòmantè sou fason bèl aksyon nou fè gen enfliyans sou moun nan zòn nan k ap obsève nou.

Kantik 162 ak priyè final.

Semèn 20 septanm

Kantik 88

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou pwen kle nan lèt filyal la ki nan premye paj Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo li Nonb 16:1-35, e apre sa, pou yo gade kasèt videyo Respect Jehovah’s Authority lè y ap prepare reyinyon sèvis pou semèn 4 oktòb la. Si yo poko resevwa kasèt sa a, yo ka gade kasèt Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? an. N ap jwenn kesyon yo nan paj 1 Ministè Wayòm avril 2002 a.

15 min : Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a ? Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou rapò sèvis ane 2004 la. Souliye pwen pozitif ki gen nan rapò sèvis la, e felisite kongregasyon an pou bon travay li te fè. Atire atansyon sou kokenn travay pyonye yo te fè. Mansyone youn ou de domèn kongregasyon an ka bay plis atansyon pou ane k ap vini an.

20 min : Ann andire nan fè bèl aksyon (Gal. 6:10). Fè entèvyou ak de ou twa pyonye pèmanan oubyen moun ki pyonye oksilyè detanzantan. Ki obstak yo te rankontre nan sèvis Jewova, e ki jan yo te rive venk obstak sa yo ? Ki sa ki te ede yo andire nan fè sa ki byen anvè lòt moun ? Ki jan efò yo fè nan ministè yo antanke kretyen te pwofitab ni pou yo ni pou lòt moun ? Si sa aplikab, fè kèk kòmantè sou sa ki te fèt nan kongregasyon an pou bon nouvèl la rive touche moun ki pale lòt lang. Felisite yo pou ‘ travay fidèl yo ak pakèt efò y ap fè grasa lanmou yo ak andirans yo ’. — 1 Tes. 1:2, 3.

Kantik 103 ak priyè final.

Semèn 27 septanm

Kantik 221

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm. Fè yon demonstrasyon jan nou ka prezante Toudegad 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! 8 oktòb la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

10 min : Pawòl Jewova a vivan. Diskou. Pou ede nou pi byen pwofite pwogram lekti Labib chak semèn ki prevwa nan pwogram Lekòl ministè teyokratik la, gen yon ribrik ki gen tit : “ Pawòl Jewova a vivan ” ki parèt nan kèk Toudegad yo seleksyone. Sèvi ak Toudegad 1ye oktòb 2004, paj 18, pou souliye kèk aspè nan ribrik sa a. Apre yon egzamen jeneral, seksyon “ Vèsè biblik ak tout repons ” lan ban nou esplikasyon sou kèk vèsè ki difisil. Kòmantè ki gen nan seksyon “ Leson pou nou jodi a ”, atire atansyon nou sou valè pratik enfòmasyon ki gen nan lekti a. Egzamine kèk egzanp pou w montre jan ribrik sa a ap ede nou pi byen konprann Pawòl Bondye a. Ankouraje tout moun pou yo byen sèvi ak ribrik sa a pandan nou pral kòmanse li liv Detewonòm nan semèn pwochèn.

20 min : “ Sèvi ak Bib la kòrèkteman. ” b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Itilize sa ki di nan liv École du Ministère la, paj 145 paragraf 2-3, pou w fè entwodiksyon an. Fè de demonstrasyon toukout pou w montre jan pou yo aplike konsèy yo bay yo, youn ap fèt nan kad predikasyon, lòt la ap fèt nan kad yon vizit.

Kantik 38 ak priyè final.

Semèn 4 oktòb

Kantik 5

5 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Nou dwe respekte otorite Jewova. ” Li Jid 11. Pa pran plis pase de minit pou w fè entwodiksyon an. Tousuit apre, sèvi ak kesyon ki nan atik la pou w fè oditwa a patisipe. Ensiste sou pwen sa a : pou nou kontinye jwenn apwobasyon Jewova, nou dwe evite atitid rebèl Kora te genyen an e nou dwe imite egzanp pitit li yo ki te mete fidelite yo anvè Jewova anvan tout bagay. Si kasèt sa a poko disponib, sèvi ak atik “ Yo byen kontan ! ” ki te parèt nan Ministè Wayòm avril 2002, paj 1, pou w fè yon patisipasyon sou kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? an.

Kantik 99 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje