Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 12 jiyè
Kantik 108
12 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! 22 jiyè ak Toudegad 1ye out. Nan yon demonstrasyon, prezante yon peryodik bay yon moun nou rankontre nan lari ki pa pale lang nou an byen. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason pou nou ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
18 min : “ Annou imite jistis Jewova. ”a Si gen tan pou sa, mande oditwa a fè kòmantè sou vèsè yo site yo.
15 min : Labib : Yon liv ki gen pwofesi nou ka fè konfyans. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou bwochi Un livre pour tous, paj 27-9. Nan ministè nou, souvan nou rankontre moun ki enterese nan lavni. Labib ban nou enfòmasyon nou ka fè konfyans konsènan yon bèl avni k ap tann tout moun ki obeyisan. Egzamine kèk pwofesi biblik ki fòtifye konfyans nou nan pwofesi Bib la bay konsènan lavni. Mande yon pwoklamatè pou l fè yon demonstrasyon tou kout sou fason nou kapab sèvi ak evènman ki nan Bib la pou nou ede yon moun ki enterese pou l mete konfyans li nan Labib.
Kantik 16 ak priyè final.
Semèn 19 jiyè
Kantik 83
10 min : Anons lokal. Pale sou enpòtans pou nou kenbe yon pwogram lekti biblik regilye chak jou, menm lè nou chanje aktivite pandan ete a. Fè kèk kòmantè sou atik ki parèt nan paj 32 La Tour de Garde 15 out 2000 lan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Premye pati. ” Diskou pou siveyan sèvis la fè. Mande oditwa a pou yo pale sou sa ki di nan paj 572-4 liv Prédicateurs la kote yo fè istorik aktivite etid biblik nan tan modèn nan. Eveye enterè moun yo pou lòt atik k ap vini yo. Pami sijè nou pral konsidere yo n ap jwenn : fason pou nou prepare e pou nou kondui yon etid, fason pou nou ede yon etidyan prepare, ki kantite paragraf pou nou egzamine, fason pou nou byen sèvi ak Bib la, fason pou nou reponn kesyon etidyan an poze, fason pou nou prepare lespri l pou lapriyè ak fason pou nou dirije l vin nan òganizasyon an. Ankouraje tout moun pou yo aplike sijesyon yo bay yo e pou yo konsève atik sa yo pou lavni.
Kantik 10 ak priyè final.
Semèn 26 jiyè
Kantik 216
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jiyè. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye out ak Réveillez-vous ! 8 out. Nan chak demonstrasyon, bay yon fason diferan nou kapab reponn objeksyon sa a : “ Poukisa nou vin kay moun souvan konsa ? ” Gade nan paj 20 liv Comment raisonner a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason pou nou ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
8 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. L ap fè li paragraf yo e l ap egzamine yo avèk oditwa a.
25 min : “ Fason pou w preche nan tèritwa ki gen biznis. ”b Pale konsènan dispozisyon yo pran pou predikasyon nan zòn ki gen biznis. Fè de demonstrasyon tou kout sou prezantasyon yo bay nan paragraf 4-5 oswa lòt prezantasyon ki efikas nan zòn nan. Si gen tan pou sa, envite oditwa a pataje eksperyans pozitif yo te fè pandan yo t ap preche nan tèritwa ki gen biznis.
Kantik 173 ak priyè final.
Semèn 2 out
Kantik 60
8 min : Anons lokal.
22 min : Èske w sèvi ak rezònman ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv École du ministère la, paj 254, paragraf 1-2. Lè nou esplike vèsè yo e nou fè aplikasyon yo nan predikasyon ak lè nou sou estrad, ansèyman nou vin pi efikas si nou bay rezon ki fè nou di yon bagay olye nou senpleman di se sa. Sèvi ak egzanp ki gen nan liv Comment raisonner a oswa nan lòt liv ki apwopriye pou tèritwa bò lakay nou, montre ki jan nou ka 1) seleksyone ekspresyon kle ki nan yon vèsè e ki jan nou ka esplike yo, 2) vini ak agiman nou jwenn nan kontèks la oswa nan lòt vèsè ki gen rapò ak sijè a, ki apiye sa w di a, 3) sèvi ak yon egzanp pou nou montre fondman sa nou di a, e 4) sèvi ak kesyon pou nou ede moun k ap koute a rezone sou sijè n ap diskite a. Mansyone avantaj ki genyen lè nou rezone ak moun yo.
15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Envite oditwa a pou yo rakonte kèk eksperyans ankourajan ki gen rapò ak kongrè distri, sèvis pyonye oksilyè oswa lòt aktivite espirityèl yo genyen diran ete a.
Kantik 32 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.