Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 fevriye
Kantik 225
10 min : Anons lokal. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 15 fevriye ak Réveillez-vous ! 22 fevriye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka reponn objeksyon nou ka jwenn kote yon moun di “ M gen pwòp relijyon pa m ”. (Gade nan liv Comment raisonner a, paj 18-19). Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : “ Pwofi n ap tire lè n ap etidye liv Approchez-vous de Jéhovah a ”. Se yon siveyan etid liv nan kongregasyon an ki pou fè diskou sa a. Lè l rive nan paragraf 2 a, l ap atire atansyon sou pwogram etid la. Lè l rive nan paragraf 3 a, l ap li paragraf 23 ki nan paj 25 liv Approchez a epi l ap pale sou li.
25 min : “ Annou kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè. ”a (Paragraf 1-10). Patisipasyon pou siveyan sèvis la fè. Sèvi ak kesyon yo bay yo. Chofe moun yo pou yo ogmante aktivite yo pandan epòk Memoryal la.
Kantik 90 ak priyè final.
Semèn 16 fevriye
Kantik 41
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
15 min : “ Yon travay Bondye ap soutni. ”b Fè yon ti pale sou paj 547-8 ki nan liv Prédicateurs la.
20 min : “ Annou kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè. ”c (Paragraf 11-17). Sèvi ak kesyon yo bay yo. Fè yon ti demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap fè yon vizit pou l envite yon moun nan Memoryal.
Kantik 75 ak priyè final.
Semèn 23 fevriye
Kantik 118
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! 8 mas. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Lè nou fini youn nan prezantasyon yo, n ap soulve yon kesyon ki pou fè moun nan reflechi, yon kesyon n ap kapab reponn nan pwochen vizit la e kote n ap itilize bwochi Bondye vle a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : “ Asiste reyinyon regilyèman : yon priyorite. ”d Fè aranjman alavans pou youn oswa de moun fè yon ti pale sou sa yo fè pou yo kapab asiste tout reyinyon kongregasyon an.
20 min : Louons Jéhovah “ au milieu de la congrégation ”. Konvèsasyon avèk oditwa a. L ap baze sou la Tour de Garde 1ye septanm 2003 paj 19-22. 1) Ki jan Sòm 22:22, 25 mete aksan sou nesesite pou nou fè kòmantè nan reyinyon ? 2) Poukisa lapriyè se yon bagay ki itil ? 3) Poukisa nou bezwen prepare ? 4) Ki objektif nou tout dwe genyen nan reyinyon ? 5) Poukisa li bon pou nou chita devan ? 6) Poukisa li enpòtan pou nou koute kòmantè lòt moun ap fè ? 7) Ki jan nou ka fè pou nou reponn ak pwòp mo pa nou ? 8) Ki jan kòmantè nou fè kapab ankouraje lòt moun ? 9) Ki responsablite kondiktè a genyen sou do l ?
Kantik 81 ak priyè final.
Semèn 1ye mas
Kantik 156
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa fevriye. Di ki piblikasyon n ap ofri pandan mwa mas la. Fè yon ti gade youn nan sijesyon yo te bay nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Nou kapab fè sa Jewova mande. ”e Sèvi ak kesyon yo bay yo. Si tan an pèmèt sa, mete aksan sou vèsè ki site yo.
Kantik 98 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.