Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 13 oktòb
Kantik 215
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo sèvi ak kesyon ki nan paj 1 an lè y ap repase nòt yo te pran nan kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a, nan preparasyon y ap fè pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye novanm ak Réveillez-vous ! 22 oktòb la nan tèritwa kongregasyon an. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka tou fè yon vizit lè nou pote peryodik pou yon moun nou gen wout peryodik avè l. Pou nou poze baz pou yon lòt vizit, nou ka sèvi ak kare “ Nan nimewo k ap vini an ”. Gade nan Ministè Wayòm oktòb 1998, p. 8, § 7-8. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : “ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa. ”a (Li ta bon si tout moun ta vini nan reyinyon ak paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a lè pati sa a ap fèt.) Lè w fin egzamine paragraf 4 la, fè pwoklamatè yo konnen, an novanm, n ap ofri bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan. Fè yon ti pase tou kout sou youn nan prezantasyon nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a. Lèfini, fè yon demonstrasyon sou fason nou ka sèvi ak prezantasyon sa a. Ankouraje tout moun pou yo byen prepare lè yo pral nan predikasyon.
15 min : Gen anpil benediksyon pou moun ki gen etid y ap kondui. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Rakonte kèk eksperyans nou jwenn nan piblikasyon yo ki pale sou fason yon seri de moun fè pwogrè nan etid yo (w00 1/3 p. 6 ; yb98 p. 55-60). Envite oditwa a fè kèk kòmantè sou sa nou aprann nan eksperyans sa yo e fè yo di ki byenfè nou jwenn lè nou gen etid n ap kondui.
Kantik 172 ak priyè final.
Semèn 20 oktòb
Kantik 86
5 min : Anons lokal.
40 min : “ Kongrè distri ak kongrè entènasyonal pouse nou bay Bondye glwa ! ” Patisipasyon pou yon ansyen fè. Fè yon entwodiksyon ki pa dire plis pase yon minit. Lèfini, fè yon konvèsasyon avèk oditwa a sou pwogram kongrè distri a. Sèvi ak kesyon ki nan atik la. Jere tan an yon fason pou w pa sote okenn kesyon, menmsi, pou kèk ladan yo, sa ta mande pou w pran yon sèl repons. Nan tan yo bay la, se pa tout vèsè yo site yo w ap gen tan li. Si yo mete vèsè sa yo, se pou yo ka jwenn repons yo avèk fasilite. Kòmantè k ap fèt yo dwe chita sou byenfè yon moun jwenn lè li mete sa l aprann yo an pratik.
Kantik 112 ak priyè final.
Semèn 27 oktòb
Kantik 64
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa oktòb. Ankouraje tout moun pou yo repase nòt yo te pran nan jounen asanble espesyal ki sot pase a, nan preparasyon y ap fè pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye novanm ak Réveillez-vous ! 8 novanm nan. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka fè lè yon moun di nou : “ Sa pa enterese m. ” Gade nan paj 16 liv Comment raisonner a, nan ribrik ‘ Ça ne m’intéresse pas ’. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : Sèvi ak epe lespri a (Efe. 6:17). Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv École du ministère la, paj 143-4. Envite oditwa a pou l fè kòmantè sou kesyon sa yo : 1) Poukisa nou sèvi ak Bib la lè n ap reponn kesyon yo poze nou ? 2) Ki sa non Temwen Jewova a fè moun panse konsènan nou menm ki pote l la ? 3) Ki egzanp Jezi kite pou nou e ki jan nou ka imite l ? 4) Site kèk metòd efikas nou ka itilize nan tèritwa kongregasyon nou pou nou kòmanse yon konvèsasyon sou Labib. 5) Poukisa li bon pou nou toujou li yon vèsè nan Bib la chak fwa sa posib ? 6) Ki jan ansyen yo ka ankouraje pwoklamatè yo pou yo byen sèvi ak Bib la ? Mande yon pwoklamatè konpetan pou l fè yon demonstrasyon byen prepare kote l ap sèvi ak omwen yon vèsè pou l reponn yon kesyon. Baze demonstrasyon an sou sa ki di nan paj 144 la. Ankouraje tout moun pou yo mete sa nan objektif yo pou yo sèvi ak Bib la chak fwa y ap preche.
13 min : Eksperyans moun nan kongregasyon an fè. Mande oditwa a pou l rakonte eksperyans li te fè an rapò ak kongrè distri a oswa pandan yo t ap bay temwayaj enfòmèl swa nan travay yo, swa nan lekòl yo, swa nan lòt okazyon.
Kantik 52 ak priyè final.
Semèn 3 novanm
Kantik 147
5 min : Anons lokal.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
25 min : Se pou nou rich nan fè bèl zèv (1 Tim. 6:18). Yon ansyen ap sèvi ak lis kesyon yo bay yo pou l fè yon konvèsasyon ak oditwa a sou jounen asanble espesyal nou te genyen nan ane sèvis ki sot pase a. Mande frè yo pou yo esplike ki jan yo te mete sa yo te aprann yo an pratik. (Nou ka bay kèk frè ak sè prepare yon pati nan pwogram nan alavans.) Men ki pwen nan pwogram nan pou nou souliye : 1) “ De belles œuvres procurent un grand gain. ” (Ekl. 2:11). Poukisa se bèl zèv yo mansyone nan Pawòl Bondye a sèvitè Bondye yo pousuiv olye pou se zèv ki nan monn nan ? 2) “ Soyez riches aux yeux de Dieu. ” (Mat. 6:20). Nan ki sans gen moun ki ‘ anpile trezò yo nan syèl la ’, e ki byenfè moun sa yo jwenn ? 3) “ Enrichissez votre ministère en dirigeant une étude biblique. ” (om p. 91). Ki sa ki ka ede nou gen etid ? 4) “ De belles œuvres à l’époque de la moisson. ” (Mat. 13:37-39). Ki bèl travay premye kretyen yo te fè ki ka sèvi nou egzanp e jis nan ki pwen travay Wayòm nan etann li jodi a ? 5) “ Que vos belles œuvres glorifient Jéhovah. ” (Mat. 5:14-16). Ki jan anpil moun rive ‘ kite limyè yo briye ’ ? 6) “ Des jeunes dignes d’éloges pour leurs belles œuvres à la louange de Jéhovah. ” (Sòm 148:12, 13). Ki jan jèn kretyen ki nan sikonskripsyon an fè louwanj pou Jewova ? 7) “ Continuons de produire de belles œuvres et moissonnons les bénédictions de Jéhovah. ” (Pwo. 10:22). Lè nou bat pou nou toujou fè bèl zèv, ki byenfè ni nou menm, ni fanmi nou, ni kongregasyon an ni òganizasyon an ap jwenn ?
Kantik 180 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.