Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 out
Kantik 101
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! 22 out. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka reponn objeksyon nou ka jwenn kote yon moun di : “ Mwen okipe. ” (Gade nan liv Comment raisonner a, paj 19). Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : “ Annou imite bonte Jewova. ”a Envite oditwa a bay kèk eksperyans tou kout ki montre ki jan aksyon ki gen bonte ladan yo ouvri chemen pou moun bay temwayaj. Felisite kongregasyon an pou efò yo fè pou yo ede kwayan parèy yo.
20 min : “ Sèvis pyonye bay benediksyon. ”b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Envite youn oswa de pyonye pou yo fè kòmantè sou benediksyon yo jwenn nan sèvis pyonye a. Fè konnen si gen moun ki enterese pran sèvis pyonye, yo ka jwenn yon fich pyonye nan men sekretè a.
Kantik 11 ak priyè final.
Semèn 18 out
Kantik 82
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pale sou “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an ”. Anonse dat pwochen jounen asanble espesyal la, epi ankouraje tout moun pou yo la. Si asanble a ap rive nan kèk mwa, fè moun ki ta renmen batize yo konnen yo ta dwe fè siveyan prezidan an konn sa.
15 min : “ Yon travay ki bay rekonfò. ”c Fè aranjman alavans pou de oubyen twa pwoklamatè di ki jan travay predikasyon an ba yo rekonfò.
18 min : “ Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon. ”d (Paragraf 1-5). Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè nou rive nan paragraf 3 ak 4 la, pale de aranjman ki genyen nan kongregasyon an pou netwaye Sal Wayòm nan. Atire atansyon sou nenpòt sa ki ta nesesè. Felisite kongregasyon an pou efò yo fè pou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon.
Kantik 114 ak priyè final.
Semèn 25 out
Kantik 175
10 min : Anons lokal. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye septanm ak Réveillez-vous ! 8 septanm. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Yon paran ak yon pitit li ki adolesan ap fè repetisyon pou yo ka prepare yo pou yo prezante peryodik. Anvan yo fè demonstrasyon yo, yo fè yon ti revizyon sou chak prezantasyon yo bay yo. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Ranmase kouraj nou pou nou preche (1 Tes. 2:2). Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Esplike sa k fè anpil moun yon jan renka pou yo abòde moun yo pou yo ba yo mesaj Wayòm nan. Menm moun ki aktif depi lontan konn nan sitiyasyon sa a. Pale de kèk eksperyans nou jwenn nan La Tour de Garde 1ye desanm 1999, paj 25, nan la Tour de Garde 15 desanm 1999, paj 25 ak nan La Tour de Garde 1ye avril 1996, paj 31. Envite oditwa a pou yo di ki jan yo te rive ranmase kouraj yo pou yo bay bon nouvèl la nan moman kote yo te santi yo kraponnen. Kòm konklizyon, sèvi ak La Tour de Garde 15 desanm 1999, paj 23-4 pou ankouraje pwoklamatè yo pou yo kite Jewova fòtifye yo.
Kantik 125 ak priyè final.
Semèn 1ye septanm
Kantik 84
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out. Pale de piblikasyon n ap ofri an septanm. Fè aranjman alavans pou youn oswa de pwoklamatè rakonte bèl eksperyans yo te fè etan yo t ap bay temwayaj enfòmèl swa nan okazyon kongrè distri a, swa pandan yo te an konje oswa nan lòt okazyon pandan peryòd gran vakans lan.
15 min : Èske w kenbe pwomès ou fè pou w retounen ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a, ki baze sou La Tour de Garde 15 septanm 1999, paj 10-11, nan soutit ki di : “ Autres manières de tenir ses promesses ”. An jeneral, lè nou jwenn moun ki enterese nan predikasyon, nou pran dispozisyon pou nou kontinye konvèsasyon an yon lòt lè. Èske nou retounen san mank, jan nou te pwomèt la ? Egzamine prensip biblik ki ta dwe ankouraje nou pou nou kenbe pwomès nou. Envite oditwa a pou l rakonte eksperyans yo te fè ki montre jan yo te beni dèske yo te retounen san pèdi tan.
20 min : “ Annou kenbe kote n al adore a nan bon kondisyon. ”e (Paragraf 6-12). Sèvi ak kesyon yo bay yo. Sèvi ak kare ki nan paj 5 lan pou w souliye enpòtans ki genyen pou nou kenbe Sal Wayòm nan nan bon kondisyon. Fè yon ti pale sou eta Sal Wayòm nan e fè konnen dispozisyon ki pran pou repare l oswa pou amelyore l.
Kantik 41 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.