BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 9 jen
  • Semèn 16 jen
  • Semèn 23 jen
  • Semèn 30 jen
  • Semèn 7 jiyè
Ministè Wayòm nan — 2003
km 6/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 9 jen

Kantik 81

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jen ak Réveillez-vous ! 22 jen. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon an. Nan demonstrasyon an, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Itilize yon tèks biblik nan prezantasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Ministè nou antanke kretyen se aktivite ki pi enpòtan. ”a Ankouraje jèn yo pou yo reflechi sou benediksyon yo ka jwenn lè yo antre nan sèvis a plen tan. Fè kèk kòmantè sou pwen nou jwenn nan soutit : “ Quand tradition locale et conscience divergent ”, nan Toudegad 1ye novanm 2000, paj 19-20 (fransè).

20 min : “ Retrèt : yon pòt ki ouvè pou plis aktivite. ”b Si posib, fè yon entèvyou tou kout ak yon pwoklamatè ki te sèvi ak peryòd retrèt li pou l fè plis nan sèvis Jewova. Mande l ki modifikasyon li te fè e ki benediksyon li jwenn.

Kantik 190 ak priyè final.

Semèn 16 jen

Kantik 55

8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

12 min : Bezwen kongregasyon an.

25 min : “ Se pou nou dilijan : Annou ‘ bay yon temwayaj konplè ’. ”c Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè w fin egzamine paragraf 5 ak paragraf 6 la, fè yon demonstrasyon tout kout, kote yon pwoklamatè ap prezante yon moun k ap travay nan yon magazen feyè “ Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? ” la, nan temwayaj enfòmèl. Fè li paragraf 7 la ak paragraf 8 la anvan w egzamine yo. Pou fini, fè li kare “ Pa bliye yo ” a, epi egzamine l ak oditwa a.

Kantik 131 ak priyè final.

Semèn 23 jen

Kantik 95

10 min : Anons lokal. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye jiyè ak Réveillez-vous ! 8 jiyè. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre pwoklamatè a k ap preche nan lari. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : Ki sa pou nou fè lè nou santi nou dekouraje ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. L ap baze sou Toudegad 15 novanm 1999, paj 28-9 (fransè), jis rive nan soutit “ L’importance de garder un bon état d’esprit ”. Egzamine konsèy biblik, sijesyon pratik yo bay yo. Fè aranjman alavans pou youn oswa de pwoklamatè ki efikas esplike ki sa ki ede yo konsève jwa yo nan ministè a.

15 min : “ Predikasyon nan yon monn ki toujou ap chanje. ”d Lè w rive nan paragraf 2 ak paragraf 3, mande oditwa a ki evènman ki te pase nan zòn nan ki ka itil yo pou yo kòmanse yon konvèsasyon ak moun yo nan tèritwa a. Lè w rive nan paragraf 4 la, fè yon demonstrasyon tou kout. Sèvi ak youn nan prezantasyon yo mansyone yo.

Kantik 15 ak priyè final.

Semèn 30 jen

Kantik 3

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jen. Mansyone ki piblikasyon n ap ofri an jiyè ak ann out. Atire atansyon moun yo sou de bwochi ki disponib nan kongregasyon an. Fè de demonstrasyon byen prepare sou fason pou yo prezante yo nan predikasyon. Gade nan Ministè Wayòm jiyè 1998, paj 8 n ap jwenn egzanp kèk prezantasyon. Nou ka jwenn lòt prezantasyon, nan Index des publications de la Société Watch Tower nan ribrik “ Présentation ” e nan soutit “ Liste par publication ”.

15 min : “ Aktout yo enfim, yo pwodui anpil fwi. ”e Fè kèk kòmantè sou fason lòt moun ka bay èd yo. Baze kòmantè sa yo sou Réveillez-vous ! 22 out 1990, paj 22-3 nan soutit “ Quelle aide apporter ? ”

20 min : Byen sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou preche Wayòm nan. Siveyan sèvis la ap fè konvèsasyon ak oditwa a. Nou fè tout sa nou kapab pou nou pataje yon panse biblik ankourajan ki gen rapò ak Wayòm nan ak chak moun nou rankontre nan predikasyon. Sepandan, li pa sifi pou nou annik li vèsè yo. Nou bezwen esplike yo, nou bezwen bay egzanp pou nou kore yo e nou bezwen fè aplikasyon vèsè yo. Montre ki jan yo ka fè sa. Kòm egzanp, sèvi ak kèk vèsè yo site nan liv Comment raisonner a, paj 175, nan soutit “ Les gouvernements humains ne subviennent pas aux besoins urgents de l’humanité ”. Apre konvèsasyon an, yon pwoklamatè ki byen prepare ap fè yon demonstrasyon sou fason nou ka byen sèvi ak yon vèsè nan yon nouvèl vizit. L ap bay yon esplikasyon presi, yon egzanp tou senp e l ap fè yon aplikasyon presi pou montre moun nan ki jan dominasyon Wayòm Bondye ap bon pou li pèsonèlman. Pwoklamatè a ap li tèks la pou kòmanse demonstrasyon an. Apre demonstrasyon an, fè yon ti pale sou fason pwoklamatè a te esplike tèks la, egzanp li te bay ak aplikasyon li te fè sou vèsè a. Ankouraje tout moun pou yo fè efò pou yo byen sèvi ak Pawòl Bondye a.

Kantik 171 ak priyè final.

Semèn 7 jiyè

Kantik 165

5 min : Anons lokal.

15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Rakonte eksperyans pwoklamatè yo te fè, oubyen fè demonstrasyon sou eksperyans sa yo. 1) Pandan yo t ap preche moun ki nan divès kalite gwoup etnik oswa moun ki pale lòt lang. 2) Pandan yo t ap preche nan yon seri sitiyasyon ki pa ni predikasyon kay an kay, ni predikasyon nan lari. Ankouraje tout moun pou yo byen sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour toutes les nations an. Tanpri, suiv enstriksyon yo te deja bay nan Ministè Wayòm me 1999, paj 7.

25 min : “ Fè konnen non Bondye. ”f Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè w ap egzamine paragraf 4 la, tou pale sou kare “ Ils font connaître le nom de Dieu ” ki nan paj 124 liv Prédicateurs la. Fè yon pwoklamatè ki gen esperyans fè yon demonstrasyon. Nan yon nouvèl vizit l ap montre poukisa li enpòtan pou nou konnen e pou nou itilize non Bondye. L ap sèvi ak de oubyen twa tèks ki nan liv Comment raisonner a, paj 200-1.

Kantik 197 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje