BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/01 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Soutit
  • Semèn 12 novanm
  • Semèn 19 novanm
  • Semèn 26 novanm
  • Semèn 3 desanm
Ministè Wayòm nan — 2001
km 11/01 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 novanm

Kantik 170

8 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

15 min : “ Apiye sou Jewova pou w jwenn fòs. ”a Sèvi ak kèk kòmantè tou kout sou La Tour de Garde 1ye oktòb 1999, paj 18-19, § 6-8.

22 min : “ Nou gen yon zouti tounèf pou n kòmanse etid ! ” Siveyan sèvis la ap dyaloge avèk oditwa a. Fè distribye yon feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? bay chak moun ki nan oditwa a, si nou gentan resevwa l. Sèvi ak sijesyon ki nan kare “ Jan pou nou prezante peryodik yo ” pou w byen prepare e pou w fè de demonstrasyon. Nan youn nan demonstrasyon yo, yon pwoklamatè ap prezante La Tour de Garde 15 novanm, e nan lòt la, l ap prezante Réveillez-vous ! 22 novanm. Nan chak ka, nan fen konvèsasyon an, pwoklamatè a ap tou lonje feyè En savoir plus sur la Bible la bay moun k ap koute l la. Nan youn nan demonstrasyon yo, moun nan aksepte pran peryodik, e nan lòt la, moun nan refize. Ankouraje tout moun pou yo remèt feyè a bay tout moun yo rankontre nan predikasyon.

Kantik 191 ak priyè final.

Semèn 19 novanm

Kantik 172

8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

22 min : “ Devlope kapasite pèsepsyon w ! ”b Yon ansyen ap repase pwogram jounen asanble espesyal ane pase a yon fason ki byen chofe.

Kantik 195 ak priyè final.

Semèn 26 novanm

Kantik 177

15 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm. Sèvi ak sijesyon ki nan kare “ Jan pou nou prezante peryodik yo ” pou w byen prepare e pou w fè de demonstrasyon. Nan youn nan demonstrasyon yo, yon pwoklamatè ap prezante La Tour de Garde 1ye desanm, e nan lòt la, l ap prezante Réveillez-vous ! 8 desanm. Y ap eksplike ki fason nou ka prezante liv Le plus grand homme nan, oswa lòt piblikasyon n ap ofri an desanm. Gade nan Index des publications de la Société Watch Tower nan ribrik ki di : “ Présentations ”, e nan soutit “ Liste par publication ” ki nan mitan an. Bay youn oswa de egzanp. Raple chak moun pou yo pa neglije sèvi ak feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? la.

15 min : “ Kote m ap jwenn tan ? ” Diskou epi konvèsasyon ak oditwa a. Sèvi ak pwen enpòtan nou jwenn nan paj 20-1 §9-10 La Tour de Garde 1ye oktòb 2000, nan soutit ki di : “ Comment certains trouvent le temps d’étudier. ” Envite oditwa a pou l di ki jan l fè jwenn tan pou bagay ki pi enpòtan yo, etan li elimine aktivite ki pa nesesè yo. Peze sou nesesite pou nou fikse yon lè pou etid pèsonèl, pou etid familyal, pou reyinyon, pou predikasyon, e pou nou li Bib la chak jou.

15 min : Jèn yo ap louwe Jewova. Konvèsasyon avèk oditwa a. Pifò kongregasyon gen jèn k ap patisipe nan predikasyon. Li bon pou jèn yo fè sa, menm si byen souvan sa mande pou y al preche moun ki pi gran pase yo (Sòm 148:12, 13 ; Mat. 21:15, 16). Lè ni paran, ni lòt pwoklamatè yo enterese ak jèn yo, e yo ba yo antrènman ak ankourajman, jèn yo preche ak kè kontan. Envite oditwa a pou l bay sijesyon sou fason nou ka ede jèn yo patisipe nan predikasyon kay an kay ak fason nou ka ede yo fè vizit. Mande paran yo pou yo di ki sa yo fè pou yo ede pitit yo aprann ofri peryodik, pou yo ede yo aprann sèvi ak Bib la nan prezantasyon yo, e pou yo ede yo aprann pale ak moun san yo pa pè. Montre avantaj ki genyen lè w felisite timoun yo. Entèvyouwe youn oswa de timoun ki pwoklamatè, kite yo di sa yo renmen nan travay predikasyon an e poukisa.

Kantik 198 ak priyè final.

Semèn 3 desanm

Kantik 179

12 min : Anons lokal. “ Fè jèfò pou w montre moun li ak ekri. ” Patisipasyon pou siveyan Lekòl ministè teyokratik la fè.

15 min : Pwen enpòtan ki nan liv Raisonner a. Konvèsasyon avèk oditwa a. Gade egzanp annapre yo ki montre fason plizyè aspè nan liv la itil anpil pou eksplike ansèyman ki nan Bib la : gen definisyon, tankou definisyon sou “ Royaume ” ​(paj 335), oswa sou “ Esprit ” ​(paj 135-6). Yo sèvi ak plizyè tradiksyon, e yo konpare yo pou yo montre ki kote non Bondye parèt nan Bib la (paj 195-6), oswa pou yo bay verite sou sa lanfè ye (paj 123-5). Nou jwenn lis detaye sou kwayans ki distenge nou de lòt relijyon yo (paj 393-5), oswa ki jan yon moun ka jwenn vrè relijyon an (paj 316-8). Liv la revele orijin fèt Nwèl, daprè sa listwa rapòte (paj 162-4). Li pale de premye kretyen yo ki te net (paj 267-9). Li bày prèv syantifik ki soutni lakreyasyon (paj 73-4). Li montre danje ki genyen nan tabak ak mariwana (paj 114-7). Ankouraje pwoklamatè yo pou yo sèvi ak bon zouti sa a nan predikasyon chak fwa yo gen okazyon fè sa.

18 min : “ Benediksyon nou jwenn lè nou demontre nou apresye lanmou Jewova — Premye pati. ”c Lè n ap fè kòmantè sou § 3-6, envite kongregasyon an pou l pale de eksperyans ankourajan yo fè lè y ap preche kay an kay, lè y ap preche nan lari, e lè y al fè vizit ak etid biblik.

Kantik 200 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje