Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 jiyè
Kantik 4
8 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
17 min : Rapò sèvis mwa avril. Siveyan sèvis la ap fè pati sa a sou fòm diskou ak entèvyou. Pale de rapò sèvis peyi a ak rapò sèvis kongregasyon an pou mwa avril. Entèvyouwe plizyè pwoklamatè ki te fè yon efò espesyal nan predikasyon mwa sa a. Fè yo rakonte lajwa yo te santi dèske yo te chofe pou yo preche, e mande yo ki sa yo fè pou yo toujou rete aktif nan travay predikasyon an. — Gade nan paj mitan Ministè Wayòm mas 2001 an, § 28-30.
20 min : “ Èske w ka sèvi kote ki manke bra ? ”a Pale de eksperyans ankourajan pwoklamatè yo te fè nan tèritwa izole oswa nan tèritwa yo pa preche fasil. — Gade liv Notre ministère la, paj 112-13.
Kantik 42 ak priyè final.
Semèn 16 jiyè
Kantik 10
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Jèn : Kalkile ki sa karyè w la ap koute w. Yon papa ansanm ak pitit li ki adolesan ap pale ak yon ansyen ki gen bonjan eksperyans nan travay pwofàn. Apre jèn nan fin reflechi sou yon patisipasyon ki te fèt nan reyinyon sèvis la sa gen de semèn anrapò ak chwa karyè, li anvizaje pou l pran sèvis pyonye pèmanan, men li pa twò konnen ki jan li ka pran swen tèt li. Ansyen an ensiste sou nesesite pou nou gen yon pwennvi ekilibre (Tour de Garde 1e septanm 1999, paj 11, § 13). Li saj pou yon moun chèche gen yon metye, yon fason pou l gen mwayen defann tèt li. Plizyè jèn rive fè sa byen pandan yo aprann yon metye senp ki pa mande yon pakèt depans, kit se lajan, kit se tan (Tour de Garde 1e fevriye 1996, paj 14, Les jeunes s’interrogent, paj 178). Yo met ansanm pou yo egzamine kèk sijesyon pratik yo bay nan Réveillez-vous ! 8 mas 1996, paj 9-11 konsènan fason pou yo jwenn yon travay konvnab oswa pou yo kreye youn.
20 min : Les Témoins de Jéhovah : Qui sont-ils ? Quelles sont leurs croyances ? Dyaloge avèk oditwa a, epi fè demonstrasyon. Gade sa ki gen nan bwochi sa a e chèche wè ki jan nou ka sèvi avè l pou nou enfòme lòt moun sou nou menm, sou travay n ap fè. Bwochi a di kiyès nou ye (paj 3-5). Li fè yon bèl rale sou yon pati nan istwa nou ak aktivite nou pou epòk nou an (paj 6-11). Li fè yon lis kwayans nou yo ki montre diferans ki genyen ant nou menm avèk lòt relijyon yo (paj 12-14). Li eksplike bon nouvèl n ap preche a, li fè konnen ki jan nou preche l (paj 15-21). Li montre ki jan travay nou an pwofitab pou kominote a (paj 22-4). Li bay dimansyon entènasyonal òganizasyon nou an (paj 25-6). Li reponn kesyon moun abitye poze sou nou (paj 27-31). Nan yon demonstrasyon, yon pwoklamatè ap sèvi ak bwochi a pou l reponn youn nan kesyon ki nan paj 29 la yon moun poze l pandan li nan predikasyon. Annapre, pwoklamatè a fè l envitasyon ki nan do bwochi a. Ankouraje tout moun pou yo sèvi ak bwochi a pou yo fè moun ki pa temwen yo abitye avèk nou, pou yo fè vizit pou devlope enterè moun yo, e pou yo mennen etidyan Labib yo vini anndan òganizasyon an.
Kantik 50 ak priyè final.
Semèn 23 jiyè
Kantik 19
10 min : Anons lokal.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Ann pare nou pou nou etidye pwofesi Izayi a ! ”b Fè yon kòmantè tou kout sou ki jan nou pral tire pwofi nan etid liv Izayi a. (Gade chapit 1, § 10-12, nan liv Prophétie d’Isaïe tòm I an.) Ankouraje tout moun pou yo asiste etid liv kongregasyon an regilyèman.
Kantik 53 ak priyè final.
Semèn 30 jiyè
Kantik 22
10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa jiyè.
20 min : Jèn : Sèvi ak bon konprann lè w ap planifye ki sa w pral aprann. Yon ansyen ap pale ak kèk paran ansanm ak pitit yo ki nan laj adolesans, konsènan sa jèn yo ap aprann apre yo fini lekòl. Ansyen an ap dirije dyalòg la daprè La Tour de Garde 1e septanm 1999, paj 16-17, § 11-13. Li ensiste sou rezon ki fè sèvis a plen tan an ta dwe gen yon bèl plas nan lis priyorite yo (Gade nan La Tour de Garde 1e desanm 1996, paj 18-19, § 13-15). Annapre, gwoup la ap fè yon gade konsèy yo bay nan Réveillez-vous ! 8 mas 1998 la, paj 20-1, kote yo ensiste sou nesesite pou nou demontre nou gen bon konprann pandan n ap mezire ni avantaj, ni enkonvenyan etid inivèsitè genyen, e n ap chèche limite l selon sa ki nesesè pou nou responsab tèt nou, tout pandan n ap kontinye chofe nan ministè nou. Tout moun dakò pou yo mache selon avètisman Jezi te bay la, pou yo mete enterè Wayòm nan an premye. — Mat. 6:33.
15 min : Une bonne nouvelle pour toutes les nations. Dyaloge avèk oditwa a, epi fè demonstrasyon. Ou ka rankontre moun ki pa pale ni fransè, ni kreyòl. Montre ki jan nou ka bay moun sa yo temwayaj grasa bwochi Une bonne nouvelle pour toutes les nations an. Al nan paj 2 a, rezime pati ki di : “ Comment utiliser cette brochure ”, epi li prezantasyon ki parèt an fransè a. Sèvi ak yon demonstrasyon, pou w fè konnen ki sa pwoklamatè yo ka fè, lè yo rankontre ak yon moun ki pa pale ni fransè ni kreyòl nan tèritwa a. Rakonte kèk bon eksperyans ki montre kòman yo konn fè sa nan tèritwa kongregasyon w lan. — Gade paj mitan Le ministère du Royaume fevriye 1998, § 9-10.
Kantik 57 ak priyè final.
Semèn 6 out
Kantik 25
15 min : Anons lokal. Envite pwoklamatè yo pou yo rakonte eksperyans yo te fè nan bay temwayaj enfòmèl pandan yo t apral nan kongrè distri, pandan yo te an vakans, oswa pandan yo t ap vizite fanmi yo ki pa Temwen.
10 min : “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an. ” Diskou. Bay dat asanble sikonskripsyon nou pral genyen an. Tout moun ta dwe fè yon efò espesyal pou yo envite etidyan Labib yo nan asanble sa a. Ankouraje tout pwoklamatè ki poko batize, pou yo reflechi seryezman sou posiblite yo genyen nan asanble sikonskripsyon sa a, pou yo demontre yo te vwe tèt yo pou yo sèvi Jewova. Ankouraje tout moun pou yo asiste toulede sesyon yo chak jou.
20 min : “ Ou pa bezwen ezite ! ”c Selon tan ki disponib la, rakonte eksperyans nou jwenn nan La Tour de Garde 15 desanm 1999, paj 25.
Kantik 63 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.