Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 jen
Kantik 178
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo La fermeté des Témoins de Jéhovah face à la persécution nazie a, pou yo ka prepare pou dyalòg ki pral fèt nan reyinyon sèvis semèn 25 jen an.
15 min : “ Se pou w kontinye ‘ fè sa ki byen ’. ” Yon ansyen ap fè sijè sa a sou fòm yon diskou ankourajan ki baze sou Bib la.
20 min : “ Se pou w touche kè etidyan w yo. ”a Bay sijesyon pratik sou fason nou ka ede nouvo yo pou yo devlope lafwa ak lanmou pou Jewova ak Jezi nan kè yo. Sèvi ak pwen enpòtan nou jwenn nan La Tour de Garde 15 jiyè 1999, paj 14, § 18-20.
Kantik 184 ak priyè final.
Semèn 18 jen
Kantik 194
5 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
10 min : Dyaloge avèk oditwa a sou jan pou nou reponn objeksyon moun soulve. Gade ribrik “ Remarques ” ki nan paj 15 liv Comment raisonner a. Chwazi kèk objeksyon nan paj 16-20 nou konn rankontre nan tèritwa pa nou. Envite oditwa a pou l di ki repons ki mache byen nan ka pa yo, e ki sa k fè sa daprè yo menm.
30 min : “ Èske w ka rann ou disponib ? ” Fè yon diskou ankourajan. Melanje l ak kèk kòmantè oditwa a ap fè sou kesyon ou prepare sou § 13 ak § 18-24. Ankouraje paran yo pou yo ede pitit yo anvizaje sèvi nan Betèl kòm karyè. Sijere fanmi yo pou yo etidye paj mitan Ministè Wayòm sa a ansanm nan etid familyal yo.
Kantik 197 ak priyè final.
Semèn 25 jen
Kantik 2
15 min : Anons lokal. Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak ann out. Mete aksan sou de bwochi ki disponib nan kongregasyon an. Fè de demonstrasyon ou deja byen prepare, k ap montre fason pou nou ofri bwochi sa yo nan predikasyon. Kòm egzanp, al gade nan dènye paj Le ministère du Royaume jiyè ak out, soti nan ane 1995, rive nan ane 1998.
30 min : “ Mwen kenbe fèm ! Mwen kenbe fèm ! Mwen kenbe fèm ! ” Dyaloge avèk oditwa a sou kasèt videyo Fermeté a. Sèvi ak kesyon ki nan § 2 a. Annapre, egzamine § 3-4. Li anons nan paj 7 la ki pale de yon edisyon kasèt videyo Fermeté yo fè pou pwofesè yo sèvi nan lekòl. Pou fini, pale de eksperyans ki nan paj 31 Réveillez-vous ! 22 novanm 1999 la. Nan mwa out, nou pral pale de kasèt videyo La Société du monde nouveau en action.
Kantik 29 ak priyè final.
Semèn 2 jiyè
Kantik 5
13 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa jen. Egzamine kare ki di : “ Èske w manke kèk Annuaire nan bibliyotèk ou ? ” Pale de kèk eksperyans tou kout nou jwenn nan Annuaire 1986 ak 1987, oswa nan Annuaire ki soti nan ane 1990 pou rive nan ane 2000. Sèvi avèk yo pou w fè wè valè yo genyen. Ankouraje tout moun ki pa genyen Annuaire sa yo nan bibliyotèk yo pou yo fè demann pa yo pandan gen yon estòk ki la toujou.
15 min : Jèn, montre w saj nan karyè w ap chwazi. Sa a, se premye nan twa seri atik reyinyon sèvis. Yo pral egzamine ladan yo prensip biblik konsènan gwo etid inivèsitè. Gen jèn kretyen k ap kouri dèyè karyè nan monn nan fè gwo etid inivèsite, e sa gen yon move efè sou espirityalite yo. Pati sa a se yon dyalòg de paran ap fè ak pitit gason oswa pitit fi yo ki adolesan. Jèn nan rive nan yon pwen kote li dwe pran gwo desizyon konsènan objektif li genyen pou demen. Gen moun, sa k nan tèt yo se avantaj materyèl, se prestij, se viv alèz. Men fanmi an ap egzamine Bib la pou yo wè ki konsèy li bay. (Gade Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, paj 174-5 ; La Tour de Garde 15 out 1997, paj 21, ak La Tour de Garde 1e septanm 1999, paj 19-21, § 1-3 ak § 5-6.) Jèn nan dakò li saj pou l mennen yon lavi k ap itil li pou l atenn objektif teyokratik. Konsa, l ap fè enterè Wayòm nan avanse.
17 min : “ Se pou w toujou enterese ap chèche moun ki soud nan tèritwa w la. ”b Si w gen chif ki disponib, fè konnen kantite moun soud ki genyen nan tèritwa kongregasyon w lan. Rakonte eksperyans ki parèt nan Ministè Wayòm fevriye 1998, paj 3, § 7.
Kantik 32 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.