Reyinyon sèvis
Semèn 13 mas
Kantik 118
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.
15 min : “ Se bon nouvèl n ap preche. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Bay egzanp kèk pwen biblik ki pozitif nan liv Connaissance lan nou ka itilize lè n ap ofri l nan predikasyon.
20 min : “ Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ? ” (§ 1-11). Kesyon/repons. Bay pi gwo maksimòm pyonye oksilyè kongregasyon an te anrejistre sou yon peryòd ki pa twò lwen. Mande kèk moun ki te pyonye oksilyè lè sa a, ki pwofi yo te tire pèsonèlman pou patisipe yo te patisipe plis nan predikasyon. Ankouraje kongregasyon an chèche jwenn yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye oksilyè pou mwa avril la. Rewè kondisyon pou yon moun pyonye oksilyè nan liv Notre ministère a, paj 113-14. Apre reyinyon an, y ap bay tout pwoklamatè ki konte pran sèvis la yon fich pyonye oksilyè.
Kantik 187 ak priyè final.
Semèn 20 mas
Kantik 21
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : “ Ki sa mwen kapab fè ? ” Yon kondiktè etid liv ap fè yon konvèsasyon sou atik la avèk youn oubyen de asistan ministeryèl. Piske nou tout pa gen menm kapasite, gen pwoklamatè ki ka gen enpresyon yo pa kapab fè anpil nan kongregasyon an. Rewè kèk nan fason nou tout kapab bay yon bonjan patisipasyon pou kongregasyon an vin djanm e pou nou fè travay Wayòm nan vanse. Pou fini patisipasyon an, montre jan nou chak kapab patisipe nan “ dènye rapò ” a. — Gade liv Notre ministère a, paj 109-10.
20 min : “ Èske nou pa ka fè avril 2000 tounen pi bèl mwa nou pase ? ” (§ 12-18). Kesyon/repons. Fè yon demonstrasyon tou kout sou fason pou nou envite yon moun nou konnen nan Memoryal. Egzamine mwa avril nan Calendrier 2000 la, epi anonse reyinyon predikasyon yo prevwa fè nan kongregasyon an. Fè chak moun sonje pou yo fè yon pwogram ki pratik k ap pèmèt yo patisipe plis yo kapab nan predikasyon pandan mwa a, avèk objektif pou kongregasyon an patisipe 100 % nan predikasyon. Ankouraje tout moun ki kapab pran sèvis pyonye oksilyè vin chèche fich la apre reyinyon an.
Kantik 65 ak priyè final.
Semèn 27 mas
Kantik 119
10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa mas la. Bay non moun ki pran sèvis pyonye oksilyè pou avril. Esplike li pa twò ta pou yon moun ranpli yon fich pyonye. Bay pwogram tout reyinyon y ap fè pou predikasyon pandan mwa avril la nèt. Ankouraje tout moun pou yo patisipe nan predikasyon pandan wikenn sa a pou yo byen derape mwa avril la. N ap ofri La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou mwa avril la. Pou chak peryodik ki fèk parèt, atire atansyon moun yo sou yon atik, montre yon pwen ki byen tonbe pou fè yon konvèsasyon efikas ak moun yo. Tout moun dwe mache ak bwochi Sa Bondye vle a epi y ap fè efò pou kòmanse etid ladan l avèk moun ki enterese.
13 min : “ Mande pou yo ede w. ” Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a sou fòm diskou ak yon konvèsasyon avèk oditwa a. Esplike jan nou tout, nou bezwen pou yo ban nou èd tanzantan nan yon domèn oubyen nan yon lòt. Natirèlman, chak moun dwe pote chay pa l (Gal. 6:5). Sepandan, lè nou pa kapab pote chay la pou kont nou, nou pa dwe ezite chèche èd nan men moun ki gen matirite espirityèl nan kongregasyon an. Envite oditwa a rakonte eksperyans ki montre jan èd yo te jwenn nan men ansyen yo te ankouraje yo.
10 min : Bezwen kongregasyon an.
12 min : Fè yon rezime sou Annuaire 2000 la. Konvèsasyon avèk oditwa a. Rewè pwen enpòtan ki nan ribrik “ Totaux pour 1999 ” la, paj 31. Apresa, konvèse sou “ Lettre du Collège central ”, paj 3-5. Mande kèk moun pou yo fè kòmantè sou fason yo pral suiv ankourajman yo bay yo.
Kantik 195 ak priyè final.
Semèn 3 avril
Kantik 72
10 min : Anons lokal ak eksperyans yo fè nan predikasyon. Chwazi kèk eksperyans yo fèk sot fè nan tèritwa a k ap ankouraje moun preche.
17 min : “ N ap etidye liv Prophétie de Daniel la. ” Kesyon/repons. Fè yon kòmantè tou kout sou jan nou kapab tire pwofi nan etid n ap fè nan liv Danyèl la. (Gade liv Prophétie de Daniel la, chapit 1, § 15-17.) Ankouraje tout moun pou yo toujou asiste etid liv la.
18 min : Lè yon moun fè yon peche grav, èske mwen dwe devwale sa ? Yon ansyen ap fè yon diskou fèm pou jèn yo. Gen anpil pwoblèm ki vin devlope nan sosyete modèn nan. Sa gen anpil move efè sou jèn yo. Men kèk egzanp : prensip moral yo ki andegraba, vyolans ki fin pran chè, moun ki esklav dwòg, moun ki pa obeyi otorite. Gen adolesan ki nan move mès ankachèt. Bagay sa yo se yon menas pou byennèt espirityèl tout kongregasyon an. Gen moun ki fè peche grav epi yo kache sa. Si w aprann yon frè oubyen yon sè komèt yon aksyon ki vyole lalwa Bondye gravman, ki sa w dwe fè ? Annou konsidere aplikasyon prensip nou jwenn nan Levitik 5:1 an. (Gade La Tour de Garde 15 out 1997 paj 27-30.) Gade nan liv Les jeunes s’interrogent, paj 68-9, epi esplike sa yon moun dwe fè nan ka sa a.
Kantik 68 ak priyè final.