BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/98 p. 2
  • Reyinyon sèvis mwa novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon sèvis mwa novanm
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Soutit
  • Semèn 2 novanm
  • Semèn 9 novanm
  • Semèn 16 novanm
  • Semèn 23 novanm
  • Semèn 30 novanm
Ministè Wayòm nan — 1998
km 11/98 p. 2

Reyinyon sèvis mwa novanm

Semèn 2 novanm

Kantik 38

10 min : Anons lokal. Chwazi kèk anons apwopriye nan Ministè Wayòm nan. Kòmante rapò sèvis peyi a ansanm ak pa kongregasyon an, pou mwa jiyè.

15 min : “ Yo tout dwe ‘ akeyi pawòl la ak tout kè yo ’ ! ” Kesyon⁄repons. Tou bay lòt sijesyon nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm jiyè 1996, paragraf 21.

20 min : “ Mwen vle gen yon etid biblik ! ” Konvèsasyon ant siveyan sèvis la ak oditwa a. Esplike ki jan efò nan tèt ansanm pral fèt nan kongregasyon an pou nou fè vizit. Tou depan de jan sa posib, pwoklamatè eksperimante pral travay ak pwoklamatè ki nouvo. Rewè sijesyon ki nan paj mitan Le ministère du Royaume avril 1998 la, paragraf 12-15. Demonstrasyon : mande yon pwoklamatè kapab demontre kouman l ap ofri yon etid biblik pandan yon vizit. Ankouraje chak moun fè efò kòmanse yon nouvo etid.

Kantik 35 epi lapriyè final.

Semèn 9 novanm

Kantik 187

13 min : Anons lokal. Rapò sèvis kont. Repons kesyon w yo. Anonse dispozisyon espesyal yo pran pou predikasyon 18 novanm.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

17 min : “ Annou youn bati lòt nan fè kòmantè nan reyinyon. ” Kesyon⁄repons. Eksplike ki jan fè kòmantè ede nou fè plis pwogrè espirityèl. (Gade Manuel pour l’École, etid 38, paragraf 4.) Mande kèk pwoklamatè rakonte ki jan yo te rive venk zafè pa anvi fè kòmantè a, e ki jan yo te jwenn benediksyon dèske yo patisipe nan reyinyon.

Kantik 51 epi lapriyè final.

Semèn 16 novanm

Kantik 182

8 mn : Anons lokal. Nouvèl teyokratik.

20 min : “ Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan Lekòl ministè teyokratik. ” Diskou siveyan lekòl la. Rewè pwen yo mansyone nan Manuel pour l’École, paj 10-11, paragraf 6-12.

17 min : “ Se pou nou efikas nan ministè nou. ” Konvèsasyon sou fòm kesyon⁄repons ki baze sou paj mitan an, paragraf 1-7. Ensiste sou pwen ki kapab sitou aplike nan teritwa kongregasyon an.

Kantik 167 epi lapriyè final.

Semèn 23 novanm

Kantik 89

8 mn : Anons lokal. Rakonte eksperyans nou jwenn nan do Réveillez-vous! 8 out 1998 la, ki pale sou enpak liv Le plus grand homme genyen sou moun yo. Chak pwoklamatè dwe toujou pare pou yo prezante liv sa a nan okazyon ki apwopriye.

17 min : “ Se pou nou efikas nan ministè nou. ” Konvèsasyon sou fòm kesyon⁄repons ki baze sou paj mitan an, paragraf 8-21. Ensiste sou pwen ki kapab sitou aplike nan teritwa kongregasyon an.

20 min : Sijesyon pou w amelyore kalite lekti Labib w ap fè. Diskou ki baze sou La Tour de Garde 1e me 1995, paj 16-17. Montre ki byenfè espirityèl nou jwenn nan fè lekti Labib chak jou. Rewè sijesyon yo bay yo, e montre ki jan nou kapab mete yo an pratik. Mande de oswa twa pwoklamatè rakonte ki pwofi yo jwenn nan li Pawòl Bondye regilyèman.

Kantik 46 epi lapriyè final.

Semèn 30 novanm

Kantik 64

15 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo. Ankouraje tout moun ki pa t rive kòmanse yon etid an novanm, pou yo kontinye fè efò diran mwa desanm nan, lè n ap ofri liv Connaissance la ansanm avèk Traduction du monde nouveau. Mande yon pwoklamatè kapab pou li fè yon demonstrasyon sou fason li sèvi ak tablo paj 19 nan liv Connaissance la, pou li fè vizit. Pwoklamatè a esplike ki jan nou kapab sèvi ak liv la pou nou konprann ansèyman Bib la, epi li kòmanse yon etid.

15 min : Byen sèvi ak Calendrier des Témoins de Jéhovah 1999. Diskou. Pale de kèk aspè ki gen nan kalandriye a : 1) Ilistrasyon frapan, ki reprezante evènman ak ansèyman enpòtan nou jwenn nan Bib la, 2) pwogram lekti Labib nan Lekòl ministè teyokratik pou chak semèn, 3) pwogram lekti Labib pou semèn Memorial la, 4) nòt sou revizyon alekri ki gen pou vini, e 5) rapèl pou nou patisipe regilyèman nan difizyon peryodik. Montre ki fason nou ka sèvi ak espas vid yo : pou ekri pwogram predikasyon nou, pou pran ti nòt sou rapò sèvis nou ak randevou predikasyon, pou mete asiyasyon nou resevwa pou reyinyon, pou note dat vizit siveyan sikonskripsyon ak dat asanble ki gen pou fèt. Lè nou plase kalandriye a yon kote vizib nan kay la oswa nan travay nou, sa ka bay pòtinite pou nou kòmanse konvèsasyon biblik. Rakonte eksperyans yo rapòte nan Annuaire 1988, paj 8.

15 min : Annou tire pwofi nan nouvo bwochi Que devient-on quand on meurt ? Rezime pwen enpòtan nan bwochi a. Li ale nan rasin ansèyman nanm imòtèl la, e li montre ki jan konsepsyon sa a fè vin tounen pwen santral pifò relijyon ki gen nan monn nan. Yon fason atiran, li esplike ki sa Bib la di sou nanm, poukisa nou mouri, nan ki sitiyasyon mò yo ye, ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo, e poukisa nou sipoze konnen laverite sou kesyon sa yo. Tout moun fèt pou li bwochi sa a. Montre kèk nan 40 ilistrasyon ansanm ak sitasyon ki genyen nan kòmansman chak seksyon, nou kapab itilize pou nou fè moun anvi li bwochi a. Montre ki jan nou kapab sèvi ak dènye seksyon an pou nou ofri yon etid biblik. Envite kèk pwoklamatè fè kòmantè sou fason yo konte sèvi ak nouvo bwochi a nan ministè yo.

Kantik 121 epi lapriyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje