Lis sijè yo
15 mas 2011
Toudegad ki gen atik etid yo
ATIK N AP ETIDYE NAN SEMÈN:
2-8 me 2011
Se lespri Bondye nou aksepte, se pa lespri monn nan
PAJ 8
KANTIK: 60, 71
9-15 me 2011
Mete konfyans nou nan Jewova tank lafen an ap pwoche
PAJ 12
KANTIK: 125, 48
16-22 me 2011
PAJ 24
KANTIK: 54, 135
23-29 me 2011
PAJ 28
KANTIK: 65, 43
Objektif atik etid yo
ATIK 1 PAJ 8-12
Toutotou nou, chaje ak moun ki demontre yo gen lespri monn nan. Kidonk, èske l posib pou nou diferan? Atik sa a ap ede nou wè kòman lespri monn nan kapab gen enfliyans sou nou. Nou pral wè tou ki sa nou ka aprann nan egzanp Jezi kite pou nou sou kesyon aksepte lespri Bondye a.
ATIK 2 PAJ 12-16
Ki sa sa vle di pou nou fè Jewova konfyans? Atik sa a pral ede nou wè fè Bondye konfyans vle di plis pase annik kwè pwomès li fè pou l ban nou yon monn nouvo. Fè l konfyans gen ladan l tou aksepte sa l di nou ak prensip li mete devan nou yo ak tout kè nou toutpandan n ap rejte sa monn nan di ak prensip li yo.
ATIK 3, 4 PAJ 24-32
Atik sa yo pral montre kòman Noye ak fanmi l, Moyiz, ansanm ak Jeremi te montre yo pare pou yo pran responsablite yo e kòman yo pral wè akonplisman pwomès Bondye yo. Gade pou w wè ki leson ou ka aprann nan egzanp mesye sa yo ak nan fason yo te wè bagay yo.
LÒT SIJÈ KI NAN TOUDEGAD SA A
3 Pa twonpe tèt nou ak fo rezònman
17 Nou gen rezon pou nou kontan
20 Pa janm abandone kwayan parèy nou yo!