BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 18 p. 30-31
  • Vin zanmi Bondye pou toutan!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vin zanmi Bondye pou toutan!
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi Jewova, Bondye ki bay libète a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Fason pou n jwenn vrè libète a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Kite Jewova ede nou jwenn vrè libète a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Libète adoratè Jewova yo jwi
    Adore sèl vrè Dye a
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 18 p. 30-31

LESON 18

Vin zanmi Bondye pou toutan!

Pou w vin zanmi yon moun, sa mande efò. Rete zanmi yon moun mande efò tou. W ap jwenn benediksyon lè w fè efò pou w vin zanmi Bondye e pou w rete zanmi li. Jezi te di moun ki kwè nan li yo: “Laverite ap libere nou.” ​(Jan 8:32). Sa sa vle di?

De mesye nan Paradi a

Ou ka libere depi kounye a. Ou ka libere anba fo ansèyman ak manti Satan ap gaye toupatou yo. Ou ka libere anba dezespwa plizyè milyon moun ki pa konnen Jewova genyen nan lavi yo (Women 8:22). Zanmi Bondye yo menm libere anba esklavaj yo te ye paske yo te “pè lanmò”. — Ebre 2:14, 15.

Ou kapab jwi libète nan monn nouvo Bondye a. Ala yon kokenn libète ou kapab jwi alavni! Nan Paradi a, moun ap libere anba lagè, anba maladi ak krim. Pap gen ni pòv, ni moun k ap viv nan grangou. Moun pap ni vyeyi, ni mouri ankò. N ap libere anba laperèz, anba moun k ap bay moun presyon, anba enjistis. Anpalan de Bondye men sa Bib la di: “Ou ouvri men w e w bay tout sa k vivan sa yo bezwen.” — Sòm 145:16.

Zanmi Bondye yo pral viv pou toutan. Lavi ki pap janm fini an se yon bèl kado Bondye sere pou tout moun k ap chèche vin zanmi l (Women 6:23). Fè yon ti reflechi sou tout sa w ap kapab fè toutpandan w pral viv pou toutan!

Yon mesye ak yon ti fi k ap gade yon bèt e yon fi k ap pentire po.

W ap gen tan pou w fè yon pakèt bagay. Petèt ou ta renmen aprann jwe yon enstriman mizik, oswa ou ta renmen vin yon atis pent, yon bòs chapant. Ou ta gendwa vle aprann anpil bagay sou bèt yo ak plant yo. E si w ta vle vwayaje pou w ka wè lòt peyi ak lòt pèp? Lè w gen lavi ki pap janm fini an, tout bagay sa yo ap posib !

W ap gen tan pou w fè yon pakèt zanmi. Piske w pral viv pou toutan, w ap jwenn tan pou w rankontre yon pakèt moun ki rive vin zanmi Bondye tou. W ap rive konnen talan yo genyen, bèl kalite yo, e y ap kapab vin zanmi w tou. W ap renmen yo, y ap renmen w tou (1 Korentyen 13:8). Ou pral jwenn tan pou w vin zanmi tout moun sou tè a! Sa k pi bèl la, ofiramezi syèk ap pase, amitye w gen ak Jewova a ap vin pi solid. Nou swete pou w vin zanmi Bondye pou letènite!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje