BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 17 p. 28-29
  • Si w vle gen zanmi, aji an zanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Si w vle gen zanmi, aji an zanmi
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Lanmou Bondye la pou toutan
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • “Men sa lanmou pou Bondye vle di”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • “Mwen rele nou zanmi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Lèt Kolèj santral la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 17 p. 28-29

LESON 17

Si w vle gen zanmi, aji an zanmi

Se lanmou ki baz amitye. Plis w ap aprann konnen Jewova, se plis w ap renmen l. Plis w ap renmen Bondye, se plis w ap anvi sèvi l. Sa pral ankouraje w pou w vin yon disip Jezi Kris (Matye 28:19). Vin fè pati Temwen Jewova yo ki se yon fanmi ki gen kè kontan e w ap kapab vin zanmi Bondye pou toutan. Ki sa w ka fè pou sa ?

Ou dwe demontre lanmou w pou Bondye lè w obeyi lwa l yo. “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

Mete sa w ap aprann nan an pratik. Jezi te rakonte yon istwa pou ede nou konprann sa. Yon nonm ki gen lespri te bati kay li sou wòch karyann. Yon nonm ki pa gen lespri al bati kay li sou sab. Yon gwo tanpèt pete. Kay yo te bati sou wòch karyann nan pa brannen, alòske kay yo te bati sou sab la kraze nèt. Jezi di moun ki tande ansèyman l yo e ki mete yo an pratik, yo sanble ak nonm ki gen lespri a, nonm ki bati kay li sou wòch karyann nan. Men kanta moun ki tande ansèyman l yo e ki pa mete yo an pratik, yo tankou nonm ki pa gen lespri a, nonm ki al bati kay li sou sab la. Ak kiyès nan de mesye sa yo ou ta vle sanble? — Matye 7:24-27.

Yon kay ki bati sou wòch ak yon kay ki bati sou sab.

Vwe tèt ou. Sa siyifi pandan w ap lapriyè Jewova, ou di li ou vle fè volonte l pou toutan. Lè w ap fè volonte Bondye, se montre w montre ou se yon disip Jezi Kris. — Matye 11:29.

Yon fi k ap fè yon priyè kote l ap vwe lavi l bay Jewova.

Fè yo batize w. “Batize, epi met konfyans ou nan non Jezi pou peche w yo ka efase.” — Travay 22:16.

Yon mesye k ap batize.

Sèvi Bondye ak tout nanm ou. “Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm.” — Kolosyen 3:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje