BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 2 p. 12-13
  • Èd granmoun yo enpòtan anpil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èd granmoun yo enpòtan anpil
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA K GEN NAN ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA?
  • SA K FÈ ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA ENPÒTAN?
  • FASON POU W BA YO ÈD
  • Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Apendis: Kesyon paran yo konn poze
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Reveye n! — 2019
g19 no 2 p. 12-13
Yon dam k ap montre yon tifi kèk ansyen foto l genyen

LESON 5

Èd granmoun yo enpòtan anpil

KI SA K GEN NAN ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA?

Timoun yo bezwen pou granmoun yo ba yo direksyon ak konsèy. Antanke paran, ou pi byen plase pou w ede yo nan sans sa a, epitou, se responsablite pa w. Sepandan, gen lòt moun tou ki kapab ede w bay pitit ou direksyon.

SA K FÈ ÈD GRANMOUN YO AP BAY LA ENPÒTAN?

Nan anpil peyi, se apèn si jèn yo pase tan ak granmoun. Ann konsidere ka sa a:

  • Timoun yo pase pifò tan yo lekòl, kote elèv yo pi plis lontan pase pwofesè yo ak lòt granmoun yo.

  • Lè lekòl lage, gen kèk jèn ki retounen lakay yo. Yo poukont yo nan kay la paske manman yo ak papa yo al travay.

  • Selon yon etid yo te fè Ozetazini, timoun ki ant 8 a 12 an pase pou pi piti anviwon sizèdtan chak jou ap gade televizyon, koute mizik ak jwe jwèt videyo.a

Men sa liv ki gen tit Pa lage timoun ou yo (anglè) fè konnen: “Jèn yo kite se lòt jèn parèy yo ki ba yo konsèy, fòme yo epi ede yo olye pou se manman yo, papa yo, pwofesè yo ak lòt granmoun ki responsab yo kite fè sa.”

FASON POU W BA YO ÈD

Pase tan ak pitit ou.

PRENSIP BIBLIK: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6, nòt.

Se yon bagay ki nòmal lakay timoun yo pou yo chèche èd nan men paran yo. Anfèt, selon sa espesyalis yo fè konnen, menm lè timoun yo nan laj 13 a 19 an, konsèy paran yo gen plis enpòtans lontan pou yo pase konsèy lòt jèn parèy yo. Men sa Laurence Steinberg, yon pwofesè sikoloji, fè konnen nan yon liv li ekri: “Paran yo kontinye gen plis enfliyans lontan sou fason timoun yo panse ak sou konduit yo pandan timoun yo ap grandi e menm apre yo vin gran.” (Ou menm ak pitit ou ki vin jèn) (anglè). Pwofesè Laurence ajoute: “Jèn yo vle konnen sa w panse e yo vle fè sa w di yo fè, menm lè yo pa toujou admèt sa oswa yo pa toujou dakò ak chak sa w di.”

Etandone pitit ou bezwen èd ou, fè tout sa w kapab pou w ede l. Pase tan avè l epi fè l konnen sa w panse oswa sa w santi konsènan yon seri bagay. Fè l konnen tou sa ki enpòtan pou ou ak eksperyans ou fè nan lavi a.

Ede l jwenn yon moun ki ka ba l bon konsèy.

PRENSIP BIBLIK: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — Pwovèb 13:20.

Èske w ka jwenn yon granmoun ki ka yon bon egzanp pou pitit ou? Sa w panse si w ta pran dispozisyon pou moun sa a pase tan ak pitit ou? Nòmalman, ou pap janm ba l plas ou antanke paran. Sepandan, egzanp moun sa a ou konnen ou ka fè konfyans e ki pap fè pitit ou anyen ki mal ap ede w pi byen fòme l. Selon sa nou wè nan Bib la, Timote te vin zanmi apot Pòl, e amitye sa a te vrèman gen bon efè sou Timote menm lè l te vin gran. Amitye sa a te ede apot Pòl tou. — Filipyen 2:20, 22.

Jodi a, gen anpil fanmi ki pap viv nan menm kay oswa nan menm zòn. E byen souvan, granpè, tonton, matant ak lòt moun nan fanmi an ap viv nan lòt peyi. Si se konsa sa ye nan fanmi w, chèche okazyon pou w ede pitit ou aprann nan men granmoun ki gen yon seri bèl kalite ou ta renmen wè lakay pitit ou.

a Etid la montre, an mwayèn, jèn yo pase prèske nevèdtan ap fè bagay sa yo chak jou. Sepandan, etid sa a pa konte kantite tan timoun yo ak jèn yo fè ap navige sou Entènèt swa nan lekòl yo, swa ap fè devwa yo ba yo.

Yon dam k ap montre yon tifi kèk ansyen foto l genyen

FÒME L DEPI KOUNYE A

Yon timoun ki chèche èd nan men granmoun gen plis chans pou l vin yon moun ki gen matirite e ki aji avèk sajès pi devan nan lavi a.

Anseye l grasa egzanp ou

  • Èske m se yon bon egzanp pou pitit mwen?

  • Èske pitit mwen konn wè m ap mande moun ki gen plis eksperyans pase m konsèy?

  • Èske m montre pitit mwen yo yo gen anpil valè pou mwen lè m pase tan avèk yo?

Men sa kèk paran di:

“Pafwa, pandan m m ap fè yon travay, pitit fi m nan di m li vle pale avè m. Mwen toujou koute I, menmsi m oblije di l tann mwen pou kèk minit pou m ka ba l tout atansyon m. Epitou, madanm mwen avè m fè anpil efò pou n ba l bon egzanp, konsa, l ap wè n suiv menm prensip n ap anseye l yo.” — David.

“Lè pitit fi nou an te fèt, mari m avè m te deside pou m pa al travay, pou m te ka rete lakay pou n te byen elve l. M pa regrèt desizyon sa a. Li trèzenpòtan pou n avèk timoun yo otank sa posib pou n ka ba yo bon edikasyon ak bon direksyon. Sa k pi enpòtan, lè w avèk pitit ou, sa montre w renmen l.” — Lisa.

LI BON POU YO PASE TAN AK GRANMOUN

“Timoun mwen yo te grandi avèk yon gwoup granmoun ki te gen divès laj e ki te enterese nan anpil bagay. Konsa, eksperyans moun sa yo te ede yo konprann lavi a. Pa egzanp, se pa ti sezi yo te sezi lè grann mwen te di yo lè l te timoun, fanmi l te premye moun ki te gen limyè lakay yo! Li te esplike yo moun te konn soti divès kote nan zòn nan pou vin lakay yo jis pou yo ka rete nan kuizin nan pou yo wè jan y ap limen limyè a ak jan y ap etenn li. Istwa sa a te fè timoun mwen yo wè jan lavi a te vrèman diferan. Sa yo te aprann sou grangrann yo a te ede yo gen respè pou li ak lòt moun ki aje yo. Lè pitit nou pa pase tout tan yo ak lòt timoun, men yo pase tan ak granmoun tou, yo ka aprann yon pakèt bagay nan men granmoun sa yo.” — Maranda.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje