KESYON 19
Ki sa n ap jwenn nan diferan liv ki gen nan Bib la?
LIV KI TE EKRI ANN EBRE YO (“ANSYEN TESTAMAN”)
PENTATEK (5 LIV):
Jenèz, Egzòd, Levitik, Nonb, Detewonòm
Soti nan kreyasyon rive lè nasyon Izrayèl la te vin egziste
LIV ISTWA (12 LIV):
Jozye, Jij, Rit
Antre Izrayèl nan tè Bondye te pwomèt la ak evènman ki te fèt annapre
1 ak 2 Samyèl, 1 ak 2 Wa, 1 ak 2 Kwonik
Istwa nasyon Izrayèl la rive nan destriksyon Jerizalèm
Esdras, Neyemi, Estè
Istwa Juif yo apre yo retounen sot Babilòn, kote yo te ann egzil
LIV KI SOU FÒM PWEZI (5 LIV):
Jòb, Sòm, Pwovèb, Eklezyas, Chante Salomon
Koleksyon pawòl sajès ak chante
LIV KI GEN PWOFESI (17 LIV):
Ezayi, Jeremi, Lamantasyon, Ezekyèl, Dànyèl, Oze, Jowèl, Amòs, Obadya, Jonas, Miche, Nawoum, Abakouk Sofoni, Aje, Zakari, Malachi
Pwofesi, oswa prediksyon konsènan pèp Bondye a
LIV KI TE EKRI AN GRÈK YO (“NOUVO TESTAMAN”)
KAT LEVANJIL YO (4 LIV):
Matye, Mak, Lik, Jan
Istwa lavi Jezi ak ministè l
TRAVAY APOT YO (1 LIV):
Istwa kòmansman kongregasyon kretyen an ak aktivite misyonè
LÈT (21 LIV):
Women, 1 ak 2 Korentyen, Galat, Efezyen, Filipyen, Kolosyen, 1 ak 2 Tesalonisyen
Lèt yo ekri pou diferan kongregasyon
1 ak 2 Timote, Tit, Filemon
Lèt yo ekri pou kèk kretyen
Ebre, Jak, 1 ak 2 Pyè, 1 ak 2 ak 3 Jan, Jid
Lèt yo ekri kretyen yo
REVELASYON (1 LIV):
Yon seri vizyon apot Jan te resevwa