8 “Adès”, “cheyòl” — Tonm ki la pou moun ki mouri ale
An grèk: ᾅδης (adès); an laten: infernus (infènous); ann ebre: שאול (cheyòl); an siryen: chiyoul
Mo adès la parèt dis fwa
Mo “adès” la, ki vle di petèt “yon kote moun pa wè”, parèt dis fwa nan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo. Li parèt nan: Matye 11:23; 16:18; Lik 10:15; 16:23; Travay 2:27, 31; Revelasyon 1:18; 6:8; 20:13, 14.
Nan Travay 2:27, Pyè site Sòm 16:10, sa montre adès se menm bagay ak cheyòl e se tonm ki la pou moun ki mouri ale (sa ki diferan ak mo grèk tafos la ki vle di tonm pou yon moun). Mo laten ki mache ak adès la se infènous (pafwa tou yo di infewous). Li vle di “yon bagay ki anba, nan zòn ki pi ba a” e definisyon sa a aplike pou tonm. Ki fè, se yon mo ki sanble anpil ak mo grèk la e ak mo ebre a.
Nan Ekriti yo ki enspire, mo “adès” la ak mo “cheyòl” la gen rapò ak lanmò e ak mò, yo pa gen rapò ak lavi ni ak sa ki vivan (Revelasyon 20:13). Mo sa yo pa gen okenn ide plezi oswa doulè ladan yo.
Mo cheyòl la parèt swasannsis fwa
Mo “cheyòl” la parèt 66 fwa nan liv ki te ekri ann ebre yo nan Traduction du monde nouveau a. Li parèt nan: Jenèz 37:35; 42:38; 44:29, 31; Nonb 16:30, 33; Detewonòm 32:22; 1 Samyèl 2:6; 2 Samyèl 22:6; 1 Wa 2:6, 9; Jòb 7:9; 11:8; 14:13; 17:13, 16; 21:13; 24:19; 26:6; Sòm 6:5; 9:17; 16:10; 18:5; 30:3; 31:17; 49:14, 14, 15; 55:15; 86:13; 88:3; 89:48; 116:3; 139:8; 141:7; Pwovèb 1:12; 5:5; 7:27; 9:18; 15:11, 24; 23:14; 27:20; 30:16; Eklezyas 9:10; Chan Salomon an 8:6; Izayi 5:14; [7:11]; 14:9, 11, 15; 28:15, 18; 38:10, 18; 57:9; Ezekyèl 31:15, 16, 17; 32:21, 27; Ocheya 13:14, 14; Amòs 9:2; Yona 2:2; Abakouk 2:5.
Kote mo “cheyòl” la parèt nan liv ki te ekri ann ebre yo, se kote li parèt 65 fwa nan Biblia Hebraica Stuttgartensia, 1977, ak yon lòt kote nan Izayi 7:11, e la a mo “cheyòl” la gen yon senp ti diferans, se yon pwen yo mete bò kot yon vwayèl ann ebre. Tout kote mo ebre cheyòl la parèt, Traduction du monde nouveau mete “shéol” (cheyòl). Jeneralman, Septant lan mete adès pou cheyòl.
Yo fè plizyè pwopozisyon anrapò ak orijin mo cheyòl la, men sanble mo sa a soti nan yon vèb ebre שׁאל (chaal) ki vle di “mande”. Sa ki ta vle di cheyòl la se kote (se pa kondisyon yon moun twouve l) k ap mande pou tout moun san distenksyon, etandone li resevwa tout kalite moun ki mouri. (Gade Rbi8-F, Jenèz 37:35 ak Izayi 7:11, nòt.) Se nan tè a li ye, li toujou gen rapò ak mò e sans li se tonm ki la pou moun ki mouri ale oswa zòn kote mò yo ki sou tè a ye (li pa nan lanmè). Mo ebre kevè a li menm li vle di okontrè yon tonm pèsonèl, tonm pou yon moun. —Jenèz 23:4, 6, 9, 20.