7 “Nanm” — Yon kreyati ki vivan, moun oswa bèt; lavi yon moun; lòt sans li genyen
An grèk: ψυχή (sikè); an laten: anima; ann ebre: נפש (nèfèch)
Nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo sikè a parèt 102 fwa poukont li, e Matye 2:20 se premye kote a. Nan kantite sa a, nou jwenn ekspresyon “ak tout nanm” ki parèt nan Efezyen 6:6 ak Kolosyen 3:23. Byen souvan, Tradiksyon monn nouvo a tradui mo sikè a ak mo “nanm” nou genyen nan kreyòl ayisyen an. Lè sa pa posib, nou mete yon nòt nan kèk vèsè pou montre fason nou tradui mo sikè a selon kontèks la. Metòd sa a pèmèt yon moun byen konprann fason ekriven Bondye enspire yo te konn sèvi ak mo sikè a e ki sans yo te konn ba li.
Nan liv ki te ekri ann ebre yo, mo nèfèch la parèt 754 fwa, e se nan Jenèz 1:20 li parèt pou premye fwa. Lè nou sèvi ak menm mo ebre sa a nan plizyè kontèks, sa ede nou byen tabli sans prensipal mo a, jan ekriven biblik yo te sèvi avè l. Pafwa y ap pale de moun, oswa de bèt; li kapab lavi yon moun oswa lavi yon bèt tou. Sa depaman nèt ak sa Ejipsyen nan tan lontan yo, Babilónyen yo, Grèk yo ak Women yo te konn rele nanm nan ni nan yon sans relijye ni nan yon sans filozofik.
Pou nou ede lektè yo konprann divès fason yo sèvi ak mo “nanm” nan nan Bib la, nou klase tèks kote yo sèvi ak mo sa a nan plizyè soutit:
Zannimo yo se nanm
Yon moun ki vivan se yon nanm
Nanm nan se kreye yo te kreye l, li ka mouri e yo ka detwi l
Lavi yon moun
Lik 2:35; 10:27; 12:20; 14:26; 21:19
Jan 10:15; 12:25; 13:38; 15:13
Travay 15:26; 20:10, 24; 27:10, 22
Nanm nan ka sot nan Adès (“lanfè”)
Nanm nan pa menm ak lespri a
Bondye gen nanm