1 Fason yo sèvi ak non Bondye (יהוה) nan liv ki te ekri an grèk yo
(Ak douz moso maniskri ki montre sa)
Youn nan bagay moun ka note nan maniskri yo fè sou tèks orijinal grèk la ak nan anpil tradiksyon, ni ansyen ni nouvo, se non Bondye ki pa ladan yo. Nan liv orijinal yo, ki te ekri ann ebre, non sa a parèt anviwon 7 000 fwa sou fòm kat lèt יהוה ki reprezante l. An jeneral, yo rele lèt sa yo Tetragram, e an kreyòl se lèt YHWH (oswa, JHVH) ki reprezante l. Jounen jodi a, pèsonn pa konnen egzakteman kòman pou yo pwononse non sa a, men, fason moun plis abitye a se “Jewova”. Fòm ki pi kout pou di non sa a se “Ja” (oswa, “Ya”), e fòm sa a parèt nan anpil nan non ki nan liv ki te ekri an grèk yo. Li parèt tou nan ekspresyon “Alelouya!” a ki vle di “Louwe Ya!” —Revelasyon 19:1, 3, 4, 6.
Etandone liv ki te ekri an grèk yo se liv ki enspire tou ki vin ajoute sou liv sakre ki te ekri ann ebre yo e ki vin konplete yo, li pa lojik pou non Bondye ta disparèt ladan yo, sitou, lè nou konnen sa Jak te di apot yo ak disip ki te la pi lontan yo. Se te nan Jerizalèm, apeprè nan mitan premye syèk epòk nou an, li te di yo: “Simeyòn rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo.” (Travay 15:14). Apre sa, Jak te site pawòl nou jwenn nan Amòs 9:11, 12 la kote pwofèt la sèvi ak non Bondye. Si kretyen yo dwe yon pèp pou non Bondye, pou ki rezon non sa a Tetragram nan reprezante a pa nan liv ki te ekri an grèk yo? Esplikasyon yo te konn bay la pa valab ankò. Pandan lontan, yo te panse rezon ki fè non Bondye pa nan maniskri ki egziste kounye yo se paske non sa a pa nan Septant (LXX) an grèk la ki se premye tradiksyon liv ki te ekri ann ebre yo te kòmanse nan twazyèm syèk anvan epòk nou an. Yo te panse sa akoz kopi LXX yo te jwenn nan gwo maniskri katriyèm ak senkyèm syèk epòk nou an: Vatikan ms 1209, Kodèks Sinayitikis ak Kodèks Aleksandrinis. Nan maniskri sa yo, yo mete mo grèk Κύριος (Kiriyòs) ak θεός (Teyòs) nan plas kote non Bondye te ye yo. Yo te panse si yo pa mete non Bondye ladan yo sa t ap ede yo anseye moun yo pou yo adore yon sèl Bondye.
Teyori sa a te vin pa ka kanpe menm ankò lè yo te dekouvri yon woulo papiris LXX ki gen dezyèm mwatye liv Detewonòm nan ladan l. Pa gen youn nan moso papiris sa yo ki gen mo Kiriyòs la oswa mo Teyòs la nan plas non Bondye, okontrè, tout kote sa yo Tetragram nan te ekri an lèt kare ebre yo.
An 1944, W. Waddell te pibliye youn nan moso papiris sa yo nan yon jounal ki rele Journal of Theological Studies (vol. 45, p. 158-161). An 1948, nan vil Kè ann Ejip, gen de misyonè, ki te pase Lekòl Gileyad, yon lekòl Watch Tower Bible and Tract Society mete sou pye, ki te jwenn foto 18 moso papiris sa a e ki te jwenn pèmisyon pou yo pibliye yo. Apre sa, gen 12 nan moso papiris sa yo ki parèt nan New World Translation of the Christian Greek Scriptures (1950, p. 13, 14). Twa etid nou pral site la yo baze sou foto ki nan Bib sa a: 1) A. Vaccari, “Papiro Fuad, Inv. 266. Analisi critica dei Frammenti pubblicati in: ‘New World Translation of the Christian Greek Scriptures.’ Bwouklin (N.Y.) 1950 paj 13s.,” ki te pibliye nan Studia Patristica (vol. I, pati I, Bèlen, 1957, p. 339-342); 2) W. Baars, “Papyrus Fouad Inv. No. 266,” ki te pibliye nan Nederlands Theologisch Tijdschrift (vol. XIII, Wageningen, 1959, p. 442-446); 3) George Howard, “The Oldest Greek Text of Deuteronomy,” ki te pibliye nan Hebrew Union College Annual (vol. XLII, Cincinnati, 1971, p. 125-131)a.
Men ki kòmantè Paul Kahle fè sou papiris sa a nan Studia Evangelica (Bèlen, 1959, paj 614): “Watch Tower Bible and Tract Society te repwodui lòt pati nan menm papiris sa a apati yon foto papiris la nan entwodiksyon yon tradiksyon Nouvo Testaman an ann anglè, Bwouklin, Nouyòk 1950. Youn nan bagay papiris sa a genyen ki frapan sèke non Bondye parèt ladan l sou fòm Tetragram nan an lèt kare ann ebre. Mwen te mande Pater Vaccari pou l egzamine plizyè moso papiris sa yo yo te pibliye yo. Yon fwa Pater Vaccari te fin egzamine yo, konklizyon li te pote sèke pami tout tèks Septant sou liv Detewonòm nan, li posib pou tèks ki nan papiris sa a se tèks ki pi presi nou posede. E tèks sa a dwe te ekri anviwon 400 ane anvan Kodèks B a.”
Gen yon total 117 moso LXXP. Fouad Inv. 266 yo te pibliye nan Études de Papyrologie (vol. 9, Kè 1971, p. 81-150, 227, 228). Zaki Aly ak Ludwig Koenen te pibliye foto tout moso papiris sa a nan yon seri tèks ki gen tit: Three Rolls of the Early Septuagint: Genesis and Deuteronomy. Yo nan yon koleksyon ki rele: “Papyrologische Texte und Abhandlungen”, vol. 27, Bonn, 1980.
Apati 12 moso woulo papiris sa yo, lektè yo kapab egzamine kote Tetragram nan parèt nan premye kopi LXX la. Moun ki gen otorite nan domèn nan fè konnen se nan premye syèk anvan epòk nou an papiris la te ekri, sa vle di, anviwon 2 syèk apre yo te kòmanse ekri LXX la. Se yon prèv ki montre orijinal LXX la gen non Bondye ladan l tout kote non sa a te parèt nan liv orijinal ki te ekri ann ebre yo. Gen nèf lòt maniskri grèk ki gen non Bondye ladan yo tou.—Gade Rbi8-F, p. 1678-1681.
Èske Jezi Kris, ansanm ak kèk nan disip li yo ki te ekri liv an grèk yo, te ka jwenn kopi Septant lan an grèk avèk non Bondye ladan l sou fòm Tetragram nan? Wi! Pandan plizyè syèk apre Kris ak apot li yo, Tetragram nan te toujou parèt nan kopi LXX yo. Pandan premye pati dezyèm syèk epòk nou an, lè tradiksyon Aquila an grèk la te parèt, Tetragram nan te parèt ladan l tou. Li te ekri ak ansyen lèt ebre yo.
Men sa Jewòm, ki te viv ant katriyèm ak senkyèm syèk epòk nou an, te di nan entwodiksyon li te fè pou liv Samyèl la ak liv Wa a: “Nou jwenn non Bondye, Tetragram nan [יהוה], nan kèk liv ki te ekri an grèk, e jis jodi a yo ekri yo ak ansyen lèt yo.” Kidonk, jis nan epòk Jewòm nan (se li ki te prensipal moun ki te tradui Vilgat la ki an laten) te gen maniskri an grèk sou tradiksyon liv ki te ekri an ebre yo ki te toujou gen non Bondye ladan yo ki ekri ak kat lèt ebre yo.
Lè Jezi ak disip li yo t ap li liv orijinal yo ki te ekri ann ebre oswa nan Septant an grèk la, yo te konn jwenn non Bondye, Tetragram nan, ladan l. Èske Jezi te suiv koutim Juif yo te genyen nan epòk la, sa vle di pou l te li Adonay tout kote li wè non sa a paske li te pè pou l pa t manke respè pou non an e konsa pou l ta vyole twazyèm kòmandman an (Egzòd 20:7)? Nan sinagòg Nazarèt la, lè l te leve, li te pran liv Izayi a e li te li pasaj (Izayi 61:1, 2) kote ki te gen Tetragram nan, èske l te refize site non Bondye? Non, paske Jezi pa t gen abitid suiv tradisyon espè nan Lalwa Juif yo, tradisyon ki pa t soti nan Bib la. Matye 7:29 di: “Li pa t anseye yo jan espè nan Lalwa yo te konn anseye, men li te anseye yo antanke moun ki gen otorite.” Pandan apot fidèl Jezi yo t ap koute Jezi, li te priye Jewova Dye, li te di: “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w. [...] Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l.” —Jan 17:6, 26.
Kesyon n ap poze kounye a se: Èske disip Jezi yo te sèvi ak non Bondye lè yo t ap ekri pandan yo te anba enspirasyon? Sa vle di, èske non Bondye te parèt nan liv orijinal kretyen yo te ekri an grèk yo? Nou gen rezon pou nou di wi! Matye te ekri Evanjil li a ann ebre anvan, jan Jewòm, ki te viv ant katriyèm ak senkyèm syèk epòk nou an, te di sa. Li te di:
“Matye, ki te rele Levi tou e ki te yon pèseptè anvan l te vin apot, se premye moun ki te ekri yon Evanjil sou Kris la nan Jide nan lang ebre, ak lèt ebre yo pou moun ki te sikonsi e ki te vin kwayan yo. Nou pa gen ase prèv pou nou konnen ki moun ki te tradui Evanjil sa a an grèk apre sa. Epitou, jis jounen jodi a, Evanjil li a li te ekri ann ebre a la. Yo sere l nan bibliyotèk ki Sezare a, e se Panfil, yon moun yo te touye pou lafwa l, ki te rasanble l. Moun Nazarèt yo ki nan Bere, yon vil peyi Siri, ki sèvi ak liv sa a, te ban m pèmisyon tou pou m kopye l.” (Livre des hommes illustres. Se F. Collombet ki tradui l apati tèks an laten an, Pari, 1840 p. 15.)
Matye te site pawòl ki te nan liv ki te ekri ann ebre yo plis pase san fwa. Konsa, kote sitasyon sa yo gen non Bondye ladan yo, li te oblije mete Tetragram nan egzakteman kote l te ye yo nan Evanjil li t ap ekri ann ebre a. Tradiksyon F. Delitzsch te fè ann ebre nan 19yèm syèk la sanble anpil ak Evanjil Matye a. Nan tradiksyon sa a, liv Matye a gen non Jewova 18 fwa ladan l. Menmsi Matye te pran sitasyon yo nan liv ki te ekri ann ebre yo dirèkteman olye l te pran yo nan LXX la, li te ka suiv sa LXX la te fè a, sa vle di li te ka mete non Bondye nan plas kote pou li ye nan tèks ki te ekri an grèk la. Epitou, tout lòt kretyen ki te ekri liv an grèk yo te site vèsè ki te soti dirèkteman nan liv ki te ekri ann ebre yo oswa nan LXX la, e non Bondye parèt ladan yo.
Men sa George Howard, nan Inivèsite Jòji, Ozetazini, te ekri nan yon jounal (Journal of Biblical Literature, vol. 96, 1977, p. 63) anrapò ak Tetragram nan nan liv kretyen yo te ekri an grèk yo: “Dènye dekouvèt ki fèt nan peyi Ejip ak nan dezè Jide a pèmèt nou wè fason moun yo nan peryòd anvan peryòd kretyen yo te konn sèvi ak non Bondye. Dekouvèt sa yo enpòtan pou etid k ap fèt sou N[ouvo] T[estaman] an, nan sans yo fòme yon literati ki sanble ak dokiman premye kretyen yo te genyen yo e ki ka esplike fason moun ki te ekri NT yo te sèvi ak non Bondye. Nan paj ki vin annapre yo, nou pral vin ak yon teyori pou nou montre te gen yon lè, non Bondye, יהוה (e petèt abrevyasyon non sa a), te ekri ni nan NT a, ni nan sitasyon yo fè nan A[nsyen] T[estaman] an, e nou pral montre tou se apre sa yo te vin ranplase l ak yon lòt mo κς [ki se abrevyasyon mo Kiriyòs la, “Seyè”]. Selon nou menm, retire yo te retire Tetragram nan sa te vin bwouye lespri premye kretyen ki pa t Juif yo sou relasyon ki egziste ant ‘Bondye Seyè’ a ak ‘Kris Seyè’ a, e bwouyay sa a parèt nan tradisyon maniskri (MS) yo suiv anrapò ak tèks NT a.”
Nou dakò ak sa ki di pi wo a, eksepte nou pa konsidere sa kòm yon “teyori”, men pito se prezante li prezante yon seri enfòmasyon istorik anrapò ak maniskri Bib la.
a Gade p. 456 ak 457 la pou nou wè foto moso papiris P. Fouad Inv. No 266 la nan Detewonòm LXX la. Nou mete nimewo sou 12 moso sa yo, gen kèk ladan yo ki gen Tetragram nan ki ansèkle plis pase yon fwa. No 1: soti nan Detewonòm 31:28 pou rive nan 32:7, Tetragram nan parèt nan 7yèm ak 15yèm liy; No 2: (De 31:29, 30) li parèt nan 6yèm liy; No 3: (De 20:12-14, 17-19) nan 3yèm ak 7yèm liy; No 4: (De 31:26) nan 1ye liy; No 5: (De 31:27, 28) nan 5yèm liy; No 6: (De 27:1-3) nan 5yèm liy; No 7: (De 25:15-17) nan 3yèm liy; No 8: (De 24:4) nan 5yèm liy; No 9: (De 24:8-10) nan 3yèm liy; No 10: (De 26:2, 3) nan 1ye liy; No 11: an de pati (De 18:4-6) nan 5yèm ak 6yèm liy; e No 12: (De 18:15, 16) nan 3yèm liy.
[Foto nan paj 456, 457]
[Gade liv la pou nou wè foto moso papiris P. Fouad Inv. No 266 la nan Detewonòm LXX la]