Ezekyèl
19 “Se pou w chante yon chante ki tris* konsènan chèf ann Izrayèl yo. 2 W ap di:
‘Ki sa manman w te ye? Yon femèl lyon ki t ap viv nan mitan lòt lyon.
Li te kouche nan mitan jenn lyon ki gen fòs* e li te pran swen ti lyon l yo.
3 Youn nan ti lyon li te leve yo te vin yon jenn lyon ki gen fòs+.
Li te aprann ki jan pou l dechire bèt li pran.
Li te menm devore moun.
4 Nasyon yo te tande pale de li e yo te fè l tonbe nan yon twou yo te fouye.
Epitou, yo te sèvi ak kwòk pou yo mennen l Ejip+.
5 Manman w te ret tann li, men finalman li te wè pa t gen espwa pou l retounen.
Se sa k fè li te pran youn nan lòt ti lyon li te genyen yo e l te fè l soti tankou yon jenn lyon ki gen fòs.
6 Li menm tou li te mache pami lyon yo e li te vin yon jenn lyon ki gen fòs.
Li te aprann ki jan pou l dechire bèt li pran e li te menm devore moun+.
7 Li te mache tou dousman nan mitan fòtrès yo e li te ravaje vil yo te genyen yo.
Konsa, yo te ka tande l k ap gwonde nan tout peyi a ki te tankou yon dezè+.
8 Nasyon ki toupre l yo te vin atake l pou yo te ka voye filè yo sou li.
Yo te fè l tonbe nan yon twou yo te fouye.
9 Yo te sèvi avèk kwòk pou yo mete l nan yon kaj e yo te mennen l bay wa Babilòn nan.
Yo te fè l rete la pou moun pa tande vwa l nan mòn Izrayèl yo ankò.
10 Manman w te tankou yon pye rezen*+ ki plante bò dlo.
Li te donnen e li te chaje branch paske te gen anpil dlo.
11 Li te pouse branch* ki byen solid, branch ki ka fè baton pou wa.
Li te grandi, li te vin pi wo pase lòt pyebwa yo,
E moun te ka wè l paske l te wo anpil e li te chaje ak fèy.
12 Men, yo te rache l avèk raj+ e yo te voye l atè.
Epi, yon van ki sot nan lès te seche fwi l yo.
Yo te koupe branch li yo ki te byen solid. Branch yo te vin sèch+ e dife te boule yo+.
13 Kounye a, se nan dezè a yo plante l,
Nan yon tè ki sèk, ki pa gen dlo+.
14 Dife a sot nan branch* li yo e li gaye, li boule boujon l yo ak fwi l yo.
Pa gen okenn branch solid ki rete, okenn baton pou wa+.
“‘Chante sa a se yon chante ki tris, e y ap sèvi avè l kòm yon chante ki tris.’”