1 Timote
3 Pawòl sa a merite pou moun fè l konfyans.
Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen. 2 Se poutèt sa, yon siveyan dwe san repwòch, li dwe gen yon sèl madanm, li dwe modere nan abitid li, li dwe gen bonsans, li dwe gen lòd, li dwe renmen akeyi moun, li dwe gen kapasite pou l anseye, 3 li pa dwe yon bwasonyè, li pa dwe vyolan*, men li dwe rezonab. Li pa dwe renmen fè kont, li pa dwe renmen lajan, 4 li dwe yon moun ki dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk, ki kenbe pitit li nan soumisyon ak nan diyite. 5 (Paske, si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?) 6 Li pa dwe yon moun ki fèk konvèti, pou l pa vin gonfle ak ògèy, e pou l pa tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la. 7 Anplis de sa, moun deyò yo ta dwe bay bon temwayaj sou li, dekwa pou l pa tonbe nan dezonè ak nan pyèj Dyab la.
8 Menm jan an tou, asistan ministeryèl* yo dwe serye, yo pa dwe gen de lang, yo pa dwe lage kò yo nan bwè anpil bwason ki gen alkòl, yo pa dwe ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, 9 yo dwe kenbe sekrè sakre lafwa a ak yon konsyans ki klè.
10 Anplis de sa, se pou yo teste kapasite yo anvan. Apre sa, yo mèt sèvi kòm asistan, depi yo pa gen akizasyon sou do yo.
11 Menm jan an tou, medam yo dwe serye, yo pa dwe nan fè medizans, yo dwe modere nan abitid yo, yo dwe fidèl nan tout bagay.
12 Se pou asistan ministeryèl yo gen yon sèl madanm, se pou yo dirije pitit yo ak kay yo yon fason ki kòrèk. 13 Paske, mesye ki fè sèvis yo yon fason ki kòrèk ap vin gen yon bèl repitasyon, e y ap vin alèz anpil pou yo pale konsènan lafwa yo nan Kris Jezi.
14 M ap ekri w bagay sa yo, byenke mwen espere sa pap pran anpil tan pou m vin jwenn ou, 15 dekwa pou, si m mize, ou ka konnen ki jan w dwe konpòte w nan kay Bondye a, kongregasyon Bondye vivan an, ki se yon pilye ak yon sipò pou laverite. 16 Wi, fòk nou admèt sekrè sakre atachman pou Bondye a gran: ‘Li te parèt nan lachè, yo te deklare l jis antanke espri, li te parèt devan zanj yo, yo te preche l pami nasyon yo, yo te kwè nan li nan monn nan, yo te resevwa l anwo a nan laglwa.’