1 Timote
2 Se sa k fè, toudabò, mwen ankouraje tout moun pou yo fè siplikasyon, priyè, demann, ak remèsiman, pou tout kalite moun, 2 pou wa e pou tout moun ki nan gwo pozisyon, yon fason pou nou ka kontinye mennen yon vi ki kalm e ki trankil, nan yon atachman total pou Bondye, avèk tout diyite nou. 3 Se yon bagay ki bèl e ki agreyab nan je Bondye, Sovè nou an, 4 ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite. 5 Paske, gen yon sèl Bondye e gen yon sèl entèmedyè ant Bondye ak lèzòm, yon moun, Kris Jezi, 6 ki te bay tèt li pou tout moun kòm yon ranson egalego. Sa a se temwayaj yo dwe bay nan tan ki fikse pou sa a. 7 Se poutèt temwayaj sa a yo te mete m predikatè ak apot, sa vle di, yo te mete m pou m anseye nasyon yo sou lafwa ak laverite. Sa m di a se verite, mwen pap bay manti.
8 Se poutèt sa, mwen vle pou mesye yo priye tout kote yo ye, pou yo leve men yo anlè avèk fidelite, san kòlè, san diskisyon. 9 Menm jan an tou, mwen vle pou medam yo fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Y ap fè sa yon jan ki senp e avèk bonsans. Yo pap fè sa ak yon seri stil cheve trese, oswa ak lò, oubyen ak pèl oswa ak rad ki koute chè anpil, 10 men, y ap fè sa jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo ta dwe fè sa, sa vle di, ak bon travay yo fè.
11 Se pou fi yo aprann an silans, nan yon soumisyon total. 12 Mwen pa pèmèt fi anseye, ni m pa pèmèt yo gen otorite sou gason, men se pou yo ret an silans. 13 Paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt annapre. 14 Epitou, se pa Adan yo te twonpe, men se fi a yo te twonpe nèt, e konsa, li vin tonbe nan dezobeyisans. 15 Sepandan, medam yo ap pwoteje lè y a gen pitit, depi yo kontinye rete nan lafwa ak nan lanmou, e depi yo rete sen, avèk bonsans.