1 Tesalonisyen
3 Se pou sa, lè nou pa t ka sipòte sa ankò, nou te wè li pi bon pou nou rete Atèn poukont nou, 2 e nou te voye Timote, frè nou an, yon sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl sou Kris la, pou l ka fòtifye NOU e pou l ka konsole NOU pou lafwa NOU vin pi anfòm, 3 dekwa pou tribilasyon sa yo pa brannen pèsonn. Paske NOU konnen NOU pa ka evite bagay sa yo. 4 Menm lè nou te avèk NOU, nou te konn di NOU davans nou t ap gen pou nou sibi tribilasyon, e se sa k rive, jan NOU konn sa. 5 Se poutèt sa, lè m pa t ka sipòte sa ankò, mwen te voye pran nouvèl sou fidelite NOU, paske, ou pa janm konnen, Tantatè a ta ka tante NOU yon fason oswa yon lòt, e travay nou te fè yo te ka pou granmesi.
6 Men, Timote fèk rive kounye a sot lakay NOU, e li ban nou bon nouvèl konsènan fidelite NOU ak lanmou NOU. Li fè nou konnen nou toujou kite yon bon souvni nan lespri NOU e NOU anvi wè nou anpil, menm jan nou menm tou nou anvi wè NOU. 7 Se poutèt sa, frè nou yo, nan tout soufrans nou ak nan tout tribilasyon nou, nou jwenn konsolasyon grasa NOU e grasa fidelite NOU demontre. 8 Nou repran fòs, paske NOU kenbe fèm nan Seyè a. 9 Anfèt, nou pa konn ki jan pou n di Bondye mèsi pou NOU menm pou gwo kè kontan NOU fè n genyen devan Bondye nou an! 10 Epitou, lajounen kou lannuit, ak tout kè nou, n ap sipliye Bondye pou nou ka wè figi NOU ankò e pou nou ka konplete sa k manke nan lafwa NOU.
11 Kounye a, nou swete pou Bondye nou an ki Papa nou, ansanm ak Jezi, Seyè nou an, byen dirije wout nou pou n al lakay NOU. 12 Anplis de sa, nou swete pou Seyè a fè lanmou NOU ogmante, wi, pou l fè NOU vin gen anpil lanmou youn pou lòt e pou nou gen lanmou pou tout moun, menm jan nou menm nou gen lanmou pou NOU an. 13 Nou swete pou l fè kè NOU fèm, pou l fè l san repwòch e pou l fè l sen devan Bondye nou an ki Papa nou, pandan prezans Jezi, Seyè nou an, avèk tout sen li yo.