1 Tesalonisyen
2 Wi, NOU menm frè nou yo, NOU konnen vizite nou te vizite NOU an pa t san rezilta. 2 Paske, kòm NOU konnen, apre nou te fin soufri, e apre yo te fin maltrete nou nan Filip, nou te mete kran sou nou grasa Bondye nou an, pou nou fè NOU konnen bon nouvèl Bondye a nan mitan anpil opozisyon. 3 Paske, egzòtasyon nou bay pa soti nan lide ki pa sa, ni nou pa bay yo nan move entansyon e nou pa sèvi ak twonpri pou nou bay yo. 4 Men, piske Bondye apwouve nou pou l konfye nou bon nouvèl la, se pa pou nou fè lèzòm plezi nou pale, men nou pale pou nou fè Bondye plezi, li menm ki egzamine kè nou.
5 An reyalite, NOU konnen nou pa janm sèvi ak pawòl pou flate moun, ni ak pretèks pou nou fè ava. Bondye temwen! 6 Ni nonplis nou pa chèche glwa nan men lèzòm. Non, nou pa chèche sa ni nan men NOU, ni nan men lòt moun, byenke, antanke apot Kris, nou te ka vin yon fado ki koute NOU chè. 7 Okontrè, nou te vin dou nan mitan NOU, tankou lè yon manman ap chouchoute pitit li ki nan tete. 8 Konsa, piske nou gen yon afeksyon ki pwofon pou NOU, nou te byen kontan ban NOU nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pwòp nanm nou, paske nou te vin renmen NOU.
9 Frè nou yo, siman NOU sonje jan nou te travay di, jan nou te redi. Nou te travay di lajounen kou lannuit, pou nou pa t met yon fado ki koute chè sou do okenn nan NOU lè nou te preche NOU bon nouvèl Bondye a. 10 NOU temwen, e Bondye temwen tou, jan nou te montre nou fidèl, nou jis e nou san repwòch anvè NOU menm ki kwayan. 11 NOU byen konnen nou te kontinye ankouraje NOU, nou te kontinye konsole NOU e nou te kontinye egzòte NOU chak, menm jan yon papa fè pou pitit li, 12 pou NOU ka kontinye mache yon fason ki diy devan Bondye, li menm ki rele NOU pou NOU patisipe nan wayòm li ak nan glwa li.
13 Wi, se sa k fè, nou menm tou, se toutan n ap remèsye Bondye, paske, lè NOU te resevwa pawòl Bondye nou te fè NOU tande a, se pa kòm pawòl lèzòm NOU te aksepte l, men, NOU te aksepte l pou sa li ye vrèman an, kòm pawòl Bondye k ap travay tou nan NOU menm ki kwayan. 14 Paske, NOU menm frè nou yo, NOU vin tounen moun k ap imite kongregasyon Bondye ki nan Jide yo, ki ann inyon avèk Kris Jezi, paske, menm sa NOU sibi anba men moun menm peyi avèk NOU, se sa yo menm tou y ap sibi anba men Juif yo 15 ki te menm touye ata Seyè Jezi, e ki te touye pwofèt yo, e ki te pèsekite nou. Anplis, yo pa fè Bondye plezi, men yo kont enterè tout moun, 16 paske n ap pale ak moun ki nan nasyon yo pou yo ka sove, e yo menm, y ap chèche anpeche nou fè sa. Konsa, yo kontinye plen bòl peche yo ra bouch. Men alafen, kòlè Bondye rive sou yo.
17 Men, frè nou yo, lè nou te separe ak NOU pou yon ti tan an (se kò nou ki te separe ak NOU, se pa t kè nou), nou te fè yon efò espesyal pou nou rankontre NOU, paske nou te anvi wè NOU anpil. 18 Se pou rezon sa a nou te vle vin lakay NOU, wi, mwen menm Pòl, mwen te eseye vini yon premye fwa e yon dezyèm fwa, men Satan te bare wout nou. 19 An reyalite, ki sa ki esperans nou? Ki sa ki jwa nou? Ki sa ki kouwòn ki ban nou anpil kè kontan devan Jezi, Seyè nou an, nan moman prezans li? Ebyen, èske se pa NOU menm? 20 Wi, se NOU menm ki glwa nou, se NOU menm ki jwa nou.