Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 oktòb 2014, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Jan Nonb 21:5 fè konn sa, poukisa Izrayelit yo te plenyen kont Bondye e kont Moyiz, e ki avètisman nou jwenn nan istwa sa a? [1ye sept., w99-F 15/8 p. 26-27]
Poukisa Jewova te an kòlè kont Balaam? (Nonb 22:20-22) [8 sept., w04 1/8 p. 31 § 2]
Ki sa Nonb 25:11 fè nou konnen konsènan fason Fineyas te aji, e ki jan nou ka imite l? [8 sept., w04 1/8 p. 31 § 4]
Nan ki sans Moyiz kite yon bèl egzanp nan domèn imilite pou nou jodi a? (Nonb 27:5, 15-18) [15 sept., w13 1/2 p. 5]
Ki jan Jozye ak Kalèb te montre aklè moun enpafè ka rive suiv sa Jewova mande yo, malgre opozisyon yo jwenn? (Nonb 32:12) [22 sept., w93-F 15/11 p. 14 § 13]
Ki jan obeyisans pitit fi Selofehad yo ka enfliyanse pwennvi yon kretyen selibatè sou maryaj? (Nonb 36:10-12) [29 sept., w08 15/2 p. 4-5 § 10]
Ki sa k te rive Izrayelit yo lefètke yo te toujou ap plenyen e yo t ap di move pawòl, e ki leson nou ka aprann nan istwa sa a? (Det. 1:26-28, 34, 35) [6 okt., w13 15/8 p. 11 § 7]
Pou Izrayelit yo te ka jwenn benediksyon Jewova yo e pou yo te ka byen viv nan Latè pwomiz, ki de bagay ki te mache ak responsablite yo te genyen? (Det. 4:9) [13 okt., w06 1/6 p. 29 § 15]
Nan ki sans rad Izrayelit yo pa t ize e pye yo pa t vin anfle pandan yo t ap mache nan dezè a? (Det. 8:3, 4) [20 okt., w04 1/10 p. 20 § 1]
Ki jan nou ka suiv konsèy Jewova te bay Izrayelit yo pou yo te “ret atache” avè l la? (Det. 13:4, 6-9) [27 okt., w02 1/11 p. 16 § 14]