Entwodiksyon pou seksyon 2
Poukisa Jewova te fè yon delij detwi monn nan epòk Noye a? Byen bonè nan istwa lèzòm, te gen yon konba ki te kòmanse, se te yon konba ant sa ki byen ak sa ki mal. Gen kèk moun ki te chwazi fè sa ki mal tankou Adan ak Èv ansanm ak Kayen, pitit gason yo. Gen kèk lòt moun tankou Abèl ak Noye ki te chwazi fè sa ki byen. Pifò moun te tèlman vin ap fè sa ki mal, Jewova te detwi monn mechan nan epòk la. Seksyon sa a ap aprann nou Jewova wè ki sa nou chwazi fè e li pap janm kite sa ki mal pot laviktwa sou sa ki byen.