Nòt anba paj
a Kèlkeswa jan sitiyasyon nan monn nan ta vin mal, nou kapab gen konfyans gen yon bèl avni k ap tann nou. Nou vin gen konfyans sa a lè n etidye pwofesi ki nan Bib la. Nan atik sa a, nou pral wè bonjan rezon nou genyen pou n etidye sa Bib la anonse. Epitou, nou pral fè yon ti pale sou de pwofesi ki nan liv Dànyèl la e nou pral wè ki jan pwofesi sa yo kapab ede n pèsonèlman lè n konprann yo.