Nòt anba paj
a Menm lè Jezi se te pi gran Anseyan ki pase sou tè a, pifò moun nan epòk li a pa t kwè nan li. Pou ki rezon? Nan atik sa a, nou pral wè kat rezon. Nou pral wè tou poukisa anpil moun jodi a gen dout sou sa vrè disip Jezi yo di ak sa yo fè. Sa k pi enpòtan an, nou pral wè pou ki rezon nou kapab gen yon lafwa solid nan Jezi, konsa nou pap kite anyen fè n bite.