Nòt anba paj
a Nan yon lèt ki gen dat 20 novanm 1861, men sa minis finans Salmon P. Chase te ekri Biwo ki responsab pou fè lajan monnen Ozetazini (U.S. Mint) : “ Okenn nasyon pa ka solid sof si Bondye ba l fòs. Okenn nasyon pa ka an sekirite sof si Bondye ap defann li. Konfyans pèp nou an genyen nan Bondye ta dwe parèt aklè sou monnen nasyonal nou yo. ” Kòm rezilta, deviz “ Se nan Bondye nou mete konfyans nou ” an te parèt pou premye fwa sou yon lajan monnen yo te mete deyò Ozetazini an 1864.