Nòt anba paj
c Bowaz te bay Rit sis mezi lòj, men Bib la pa fè konnen konbyen mezi sa yo te peze. Menm jan apre sis jou travay te gen yon jou repo, jou saba a, petèt Bowaz te vle montre travay Rit te fè antanke vèv la gen pou fini e talè konsa Rit t apral jwenn “repo”, sa vle di li t apral viv ak kè poze nan kay mari l. Yon lòt bò, sis mezi sa yo, petèt ki te yon bon valè, se te kantite lòj Rit te ka pote sèlman.