ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ
2 Korentyen 12:9 — “Se favè m ase ou bezwen”
“Favè san parèy mwen an ase pou ou, paske pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” — 2 Korentyen 12:9, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.
“Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou.” — 2 Korentyen 12:9, Bib la.
Sa 2 Korentyen 12:9 vle di
Bondye te pwomèt apot Pòl l ap ba li fòs li bezwen pou l fè fas ak eprèv li yo ansanm ak limit li yo.
“Favè san parèy mwen an ase pou ou.” Yo ka tradui repons Bondye te bay Pòl pou priyè l te konn fè souvan yo konsa: “Favè san parèy mwen an se tout sa w gen bezwen”. Sa vle di favè san parèy Bondye a t ap ase pou ede Pòl andire eprèv li yo. Sa k fè sa? Mo lè yo tradui l yo mete “favè san parèy” oswa “gras” pou li a dekri yon kado Bondye pran plezi bay gratis. Pawòl Pòl te ekri yo montre li te jwenn ankourajman nan favè san parèy Bondye a. Malgre Pòl te konn pèsekite kretyen yo, Bondye te ba l fòs li bezwen pou l chanje konpòtman l e pou l ede lòt moun vin kretyen (1 Korentyen 15:9, 10; 1 Timote 1:12-14). Avèk konfyans, Pòl te ka konte sou Bondye pou ede l fè fas ak nenpòt pwoblèm oswa difikilte l rankontre.
“Paske pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” Jewovaa, Seyè a, te fè Pòl sonje pisans li sitou parèt aklè lè l sèvi avè l pou l ede moun enpafè e ki fèb (2 Korentyen 4:7; 12:8). Lè kretyen yo rekonèt limit yo e yo chèche èd nan men Jewova, yo kite pisans Bondye aji nan yo nèt (Efezyen 3:16; Filipyen 4:13). Se nan sans sa a, pisans Bondye parèt aklè nan feblès lèzòm.
Kontèks 2 Korentyen 12:9
Bondye te pouse Pòl ekri yon lèt pou kretyen Korent yo ozanviwon ane 55 epòk nou. Nan dènye pati lèt sa a, li te defann otorite l antanke apot. Li te santi l oblije fè sa, paske kèk moun ki te rele tèt yo anseyan te konn kritike l, petèt yo te konn jije l akoz aparans li oswa akoz kapasite pou l pale. — 2 Korentyen 10:7-10; 11:5, 6, 13; 12:11.
Pou Pòl te defann tèt li, li te esplike si l te konte sou tèt li, li pa t ap rive akonpli ministè l, ni andire yon pakèt eprèv (2 Korentyen 6:4; 11:23-27; 12:12). Nan chapit 12 la, li pale de “yon pikan nan chè l” nan sans senbolik, sanble se yon pwoblèm li te genyen ki te pèsiste, sa ki te lakòz li soufri nan domèn fizik oswa nan domèn afektif (2 Korentyen 12:7). Menmsi Pòl pa t janm fè konnen ki kalite pwoblèm li te genyen an, li te detèmine pou l andire grasa èd Bondye.
Jodi a, kretyen yo ka jwenn pwoblèm ak pèsekisyon tou. Yo jwenn konsolasyon lefètke yo konnen, grasa pisans Bondye, yo kapab andire nenpòt difikilte yo rankontre. Menm jan ak Pòl, yo ka di avèk konfyans: “Lè m fèb, se atò m gen pisans.” — 2 Korentyen 12:10.
Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv 2 Korentyen an.
a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?”