Thai Liang Lim/E+ via Getty Images
KONTINYE VEYE!
Moun toupatou sou tè a enkyete pou jèn yo anrapò ak rezo sosyal
Pandan ane 2025 lan, gouvènman toupatou sou tè a te fè konnen enkyetid yo parapò ak efè rezo sosyal yo gen sou jèn yo. Gen yon peyi ki entèdi timoun ki poko gen 16 an pou y al sou rezo sosyal e gen lòt peyi k ap analize pou yo wè si yo pap pran menm dispozisyon sa a.
Sa enteresan pou n wè menm kèk jèn konprann danje ki ka genyen nan rezo sosyal. Dapre yon ankèt yon sant Ozetazini (Pew Research Center) te fè ann avril 2025, yo fè konnen “anviwon mwatye nan jèn yo (48%) di rezo sosyal yo gen move efè sou jèn parèy yo”.
Pwofesyonèl lasante yo fè konnen rezo sosyal yo gen efè sou sante mantal jèn yo. Ane pase, Dr Vivek Murthy, ki te chirijyen jeneral Etazini nan epòk la, te fè di: “Pwoblèm sante mantal ki frape jèn yo se yon pwoblèm ki mande yon solisyon rapid e rezo sosyal se youn nan pi gwo bagay ki lakòz pwoblèm sa yo.”
Ki jan paran yo kapab pwoteje pitit yo kont danje rezo sosyal yo reprezante? Labib bay kèk konsèy ki ka ede nou.
Sa paran yo kapab fè
Men kèk prensip nan Bib la nou ka reflechi sou yo.
“Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.
Piske rezo sosyal yo ka gen move enfliyans sou pitit ou, ou pa bezwen santi w oblije kite pitit ou sèvi ak yo. Anvan w kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal, asire w timoun nan gen ase matirite pou l respekte tan ou pèmèt li pase sou rezo sosyal, pou l kontinye gen bon zanmi epi evite bagay ki pa kòrèk.
Pou w aprann plis, li atik sa yo “Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?” ak “Aprann pitit ou evite danje ki genyen sou rezo sosyal yo.”
“[Se] pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:16.
Si w ap kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal, ba l yon seri règ sou fason pou l sèvi avè l, epitou, esplike l ki jan prensip sa yo ap pwoteje l. Veye nenpòt chanjman ou ta vin remake ki gen nan konpòtman timoun nan ki ta fè w wè ou bezwen limite kantite tan l ap fè sou rezo sosyal yo.
Sèvi ak desen anime Byen sèvi ak rezo sosyal la pou w ede pitit ou konprann poukisa l nesesè pou w veye fason l ap sèvi ak rezo sosyal.
Pou w jwenn plis konsèy ki baze sou Bib la anrapò ak sa paran yo ka fè, gade atik “Yon gwo ofisyèl nan kesyon lasante fè konnen rezo sosyal ka gen move efè sou jèn yo — Ki sa Bib la di?”
Aprann plis
Bib la fè nou konnen n ap viv nan ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’. (2 Timote 3:1-5.) Anmenmtan tou, li bay konsèy ki vrèman itil sou fason pou n fè fas ak tan sa yo. N ap jwenn yon lis ki gen plis pase 20 atik sou sante mantal jèn yo ki kapab ede paran yo ak pitit yo nan atik “Sante mantal jèn yo ap vin pi mal yon fason ki enkyetan — Ki sa Bib la di?”