KESYON JÈN YO KONN POZE
Renmen — Twazyèm pati: Èske n ta dwe kraze renmen an?
Sa fè yon ti tan depi w renmen e w kòmanse gen dout. Èske w ta dwe kenbe renmen an oswa kraze l? Yo fè atik sa a pou ede w deside.
Nan atik sa a
Lè w gen dout
Apre yon ti tan, yon jèn gason ak yon jèn fi ki renmen ka vin wè yo pa twò sanble jan yo te panse a. Pa egzanp:
Youn renmen al nan plaj; lòt la renmen al pwomennen nan mòn.
Youn renmen anbyans; lòt la rezève.
Youn gen tandans bay manti; lòt la toujou onèt.
N ap remake chak sitiyasyon sa yo diferan. Nan premye a, yo pa gen menm enterè, nan dezyèm nan, yo pa gen menm pèsonalite e nan twazyèm nan, yo pa gen menm prensip.
Fè yon ti reflechi: Kiyès nan twa sitiyasyon sa yo ou panse ki t ap twò difisil pou nou de a jere si nou ta vin marye? Kiyès ladan yo nou de a t ap dispoze tolere?
Yon mari ak madanm ka pa gen menm enterè oswa menm pèsonalite, epoutan, yo gen kè kontan nan maryaj yo. Dayè, de moun ka sanble, men sa pa vle di yo se menm moun nan. Nan kèk ka, yon mari oswa yon madanm ka aprann renmen sa ki enterese konjwen l, e youn ka aprann renmen pèsonalite lòt.a
Yon lòt bò, li vrèman enpòtan pou moun ou marye avè l la gen menm prensip avè w, sa vle di menm kwayans, menm prensip moral ak menm konviksyon. Sinon, li ta ka bon pou w kraze renmen an.
Pa egzanp, imajine nou pa gen menm kwayans. Men sa liv ki rele Fighting for Your Marriage la di: “Tout rechèch yo montre moun ki marye ki pa nan menm relijyon gen plis chans pou yo divòse.”
Prensip biblik: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba.” — 2 Korentyen 6:14.
Pran yon desizyon
Bib la di moun ki marye yo “pral gen kont traka yo nan lavi a”. (1 Korentyen 7:28, Bib la.) Donk, pa sezi si w jwenn kèk nan traka sa yo kounye a, pandan w renmen an.
Se pa paske nou konn gen ti pwoblèm ki vle di relasyon an pap mache. Kesyon an se: Èske n kapab rezoud pwoblèm sa yo nan lapè? Nou toule de ap bezwen gen kapasite sa a si nou vin marye.
Prensip biblik: “Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l.” — Efezyen 4:32.
Yon lòt bò, si nou toujou ap fè diskisyon, oswa nou gen gwo dezakò, sa ka montre nou de a pa konpatib. Si se konsa, li pi bon pou n wè sa depi kounye a olye se apre nou vin wè sa!
Si nou toujou ap fè diskisyon, oswa nou gen gwo dezakò, sa ka montre nou de a pa konpatib
Sa w dwe sonje: Si w gen gwo dout sou moun ou renmen avè l la, oswa ou pa menm santi w pare pou w marye, pa fèmen je sou dout sa yo!
Prensip biblik: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.
Si w deside kraze renmen an
Lè yon renmen kraze, sa ka bay gwo lapenn. Sepandan, si youn nan nou, oswa nou toule de, kontinye gen gwo dout, l ap pi bon pou n kraze sa.
Ki jan pou w fè sa? Li pa t ap bon pou w fè sa nan mesaj tèks oswa nan imel, sof si gen bonjan rezon pou sa. Olye de sa, chwazi yon kote ak yon lè ki apwopriye pou n pale sou kesyon enpòtan sa a.
Prensip biblik: “Se pou youn di lòt laverite.” — Zakari 8:16.
Lè yon renmen kraze, èske sa vle di se yon echèk? Pa ditou. Sonje sa, lè w renmen, sa ede w wè si w ap kapab marye ak moun sa a, oswa si w pap marye avè l. Menmsi sa kraze, ou ka toujou aprann kèk leson enpòtan nan eksperyans sa a.
Mande tèt ou: ‘Ki sa m aprann sou tèt mwen nan relasyon sa a? Èske eksperyans sa a ede m wè kèk domèn mwen bezwen amelyore? Ki sa m t ap fè yon lòt jan si m ta gen pou m renmen ankò?’
a Pou n pi byen konprann ki efè pwoblèm sa yo ka gen sou yon mari ak yon madanm, gade atik “De l’aide pour les familles — Surmonter les différences” ak atik “Èd pou fanmi — Lè moun ou marye avè l la gen bagay lakay li ki deranje w.”