BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bm seksyon 6 p. 9
  • Jòb rete fidèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jòb rete fidèl
  • Mesaj Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jòb te onore non Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!”
    Annou imite lafwa yo
  • Pwen enteresan ki nan liv Jòb la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “Met espwa nou nan Jewova”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Mesaj Bib la
bm seksyon 6 p. 9
Jòb ki gen gwo bouton sou kò l

SEKSYON 6

Jòb rete fidèl

Satan fè konnen Jòb pap ret fidèl ak Jewova, men, Jòb ret fidèl

ÈSKE gen moun ki t ap ret fidèl ak Bondye, si yo ta jwenn gwo eprèv e si yo ta wè lè yo obeyi, sa pap fè yo jwenn avantaj materyèl? Se kesyon sa a Satan te poze sou Jòb, e Jòb te bay yon bon repons pou li.

Nan epòk Izrayelit yo te ann Ejip, Jòb, yon fanmi Abraram, t ap viv nan zòn yo rele Arabi jodi a. Nan epòk sa a, zanj yo nan syèl la te rasanble devan Bondye, e Satan, zanj rebèl la, te nan mitan yo tou. Devan tout zanj ki te la yo, Jewova te fè konnen jan l fè Jòb, sèvitè fidèl li a, konfyans. Anfèt, Jewova te di pa gen okenn lòt moun ki te fidèl menm jan ak Jòb. Men, Satan te fè konnen se paske Bondye beni Jòb e li pwoteje l ki fè Jòb kontinye ret fidèl. Satan te fè konprann tou si Jòb ta pèdi tout sa l posede, li t ap manke Bondye dega.

Zanj yo ki reyini devan Bondye nan syèl la, e Santan nan mitan yo

Bondye te kite Satan fè Jòb pèdi richès li, pitit li, e finalman, sante l. Kòm Jòb pa t konnen se Satan ki te lakòz tout sa k t ap rive l yo, li pa t ka konprann poukisa Bondye te pèmèt li pase anba eprèv sa yo. Malgre sa, li pa t janm vire do bay Bondye.

Twa fo zanmi te vin kot Jòb. Yo te di l yon seri pawòl ki nan plizyè paj nan liv Jòb la pou yo eseye fè l kwè, san yo pa t gen rezon, se pini Bondye t ap pini l pou peche kache li te fè. Yo te menm fè konprann Bondye pa pran plezi nan moun k ap sèvi l yo, ni li pa fè yo konfyans. Jòb pa t pran nan fo rezònman yo t ap fè yo. Avèk konfyans, Jòb te fè konnen l ap kontinye ret fidèl jis li mouri!

Men, Jòb te fè yon erè. Li te chèche jistifye tèt li twòp. Gen yon jèn gason ki rele Eliyou ki t ap koute sa k t ap di yo e ki te pale avèk yo tou. Li te reprimande Jòb paske Jòb pa t wè sa k pi enpòtan se defann dwa Jewova genyen pou l dirije a, se pa defann okenn moun. Mete sou sa, Eliyou te korije fo zanmi Jòb yo yon fason ki fèm.

Apre sa, Jewova Dye te pale ak Jòb pou l korije fason l te panse a. Jewova te atire atansyon Jòb sou anpil mèvèy ki gen nan kreyasyon an pou l te ka ede l konprann jan moun piti devan Bondye. Avèk imilite, Jòb te kite Bondye korije l. Kòm Jewova gen “anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”, li te fè Jòb retounen vin an sante, li te fè l vin gen de fwa sa l te posede anvan yo e li te fè l vin gen dis pitit (Jak 5:11). Lefètke Jòb te ret fidèl devan Jewova lè l te jwenn gwo eprèv, li te montre se yon fo akizasyon Satan te fè lè Satan te fè konnen pa gen moun k ap ret fidèl ak Bondye lè l jwenn eprèv.

— Selon liv Jòb la.

  • Ki fo akizasyon Satan te lage sou Jòb?

  • Ki sa Jòb te montre lefètke li te ret fidèl ak Jewova?

YON SERI KESYON ENPÒTAN

Jòb te yon moun ki te san repwòch e ki te gen plis lakrentif pou Bondye pase tout moun sou tè a. Epoutan, Satan te fè konnen Jòb t ap sèvi Jewova Dye pou enterè sèlman. Lè Satan te fè sa, li te fè konprann se konsa tout moun ak tout zanj ye. Konsa, Satan te mete dout sou fidelite moun gen devan Jewova. Sa fè pati gwo kesyon Satan te soulve nan Jaden Edenn nan, kesyon ki gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije a. Liv Jòb la montre lè ni moun ni zanj montre yo fidèl ak Bondye, yo defann dwa Bondye genyen pou l dirije a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje