BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwwd chap. 34
  • Fason pwason ki rele grunion ponn ze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pwason ki rele grunion ponn ze
  • Ki kote mèvèy sa a soti?
Ki kote mèvèy sa a soti?
ijwwd chap. 34
Twa grunion Kalifòni k ap ponn sou yon plaj.

Blue Planet Archive/Mark Conlin

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason pwason ki rele grunion an ponn ze

Ti pwason yo rele grunion Kalifòni an ponn ze l yo sou plaj Kalifòni yo Ozetazini e nan Baja Kalifòni nan Meksik. Pwason sa a konnen egzakteman ki jou ak ki lè pou l ponn ze l yo pou pitit li yo pa mouri.

Fè yon ti reflechi: Grunion yo ponn ze yo sèlman pandan 3 oswa 4 nuit apre pi gwo vag lanmè a ki vini akoz nouvèl lin oswa plèn lin. Si yo ponn ze yo nenpòt nuit anvan plèn lin oswa nouvèl lin nan, vag lanmè a ki monte ka ale avèk ze yo ak tout sab lanmè a. Sepandan, piske yo ponn ze yo yon ti tan apre pi gwo vag lanmè a, ze yo pa ann danje. Paske vag lanmè a kòmanse desann e l ap depoze sab sou ze yo.

Plizyè santèn grunion, femèl yo k ap ponn ze yo e mal yo k ap kouve ze yo sou plaj nan mitan lanuit.

Wally Skalij/Los Angeles Times via Getty Images

Mete sou sa, pandan prentan ak ete ki se sezon yo ponn nan, gwo vag ki vin pandan nuit yo toujou pi wo pase gwo vag ki vin lajounen yo. Konsa, pandan nuit lan, pwason yo ka ale pi wo sou plaj la kote lòt gwo vag lanmè a pap ka pran ze yo.

Pou yo ponn ze yo, grunion yo pwofite gwo vag lanmè a pou yo naje al pi lwen sou plaj la. Femèl la pwofite lè vag lanmè a bese, pou l fouye yon twou ak ke l nan sab la ki mouye, pou rive nan pwenn kote prèske tout kò l anba sab la. Apre li fin ponn ze yo anba sab la, ant 5 a 8 santimèt pwofondè (2 a 3 pous), youn oswa plizyè mal vin kouve ze yo. Lè sa a, femèl la glise kò l pou l rive bò lanmè a pou l pwofite pwochen vag la pou l retounen nan lanmè a.

Ti pwason an devlope anndan ze a ki nan sab la ki mouye a. Men, yo bezwen dlo lanmè a souke sab la pou yo ka kale. Sepandan, anviwon de semèn apre sa, lè pwochen pi gwo vag lanmè a rive, ti pwason yo kale. Men, ze yo ka ret tann jiska 4 semèn anvan pwochen lòt gwo vag lanmè a rive pou yo kale.

Ki sa w panse?: Èske se grasa evolisyon grunion an konnen ki jan ak ki lè pou l ponn ze l? Oswa se fè yo te fè l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje