BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwex atik 19
  • Li te rete djanm malgre difikilte l te genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li te rete djanm malgre difikilte l te genyen
  • Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Sou menm sijè a
  • Tele JW a “ban nou fòs ak ankourajman”!
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • “Nou renmen Tele JW a anpil!”
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • ‘Ki jan m pral fè preche?’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
ijwex atik 19
Virginia, k ap soufri anba yon maladi ki fè tout kò l paralize, ap li a yon atik nan ‘Toudegad’ etid la sou laptòp li.

Li te rete djanm malgre difikilte l te genyen

Virginia, ki se youn nan Temwen Jewova yo, ap soufri anba yon maladi ki fè tout kò l paralize. Wi, tout kò l paralize. Li ka wè, tande, ouvri je l, fèmen je l, e li ka bouje tèt li yon tikras. Li pa ka pale, ni manje. Yon lè, li te an sante e l te gen anpil fòs. Men, yon jou maten nan ane 1997, li te santi yon gwo doulè dèyè tèt li. Mari l te mennen l lopital e menm jou swa sa a, li tonbe nan koma. Li te reveye de semèn annapre nan yon kote yo bay swen entansif, li te paralize e l te nan oksijèn. Pandan plizyè jou, li pa t ka sonje anyen, menm kiyès li te ye.

Virginia, anvan l te tonbe malad, ki kenbe men Alessandro, ti pitit gason l lan.

Virginia esplike sa k te vin pase annapre: “M te vin rejwenn memwa m tikras pa tikras. M te priye anpil. M pa t vle mouri pou m kite pitit gason m nan ki te jèn anpil lè sa a san yon manman. Pou m te jwenn kouraj, mwen te eseye sonje kantite vèsè biblik mwen kapab.

“Pi devan, doktè yo te retire m nan swen entansif la. Apre m te fin pase sis mwa nan diferan lopital ak nan yon sant terapi, yo te voye m lakay mwen. M te toujou paralize nèt, e m te bezwen lòt moun ede m nan tout bagay. M te dekouraje anpil! M te santi m pa itil lòt moun, ni Jewova. M te enkyete m anpil tou paske m pa t ka pran swen pitit gason m nan.

“M te kòmanse li eksperyans lòt Temwen k ap soufri ak maladi grav menm jan avè m e m te sezi wè tout sa yo te kapab rive fè pou Jewova. Kòm rezilta, m te eseye chèche gen yon pwennvi pozitif lè m te konsantre sou sa m te kapab fè. Anvan m te tonbe malad, m pa t gen anpil tan pou m te etidye, preche ak priye. Kounye a, m gen tout jounen an, chak jou. Donk, olye m kite dezespwa anvayi m, mwen konsantre m pito sou relasyon m ak Jewova.

“M te aprann itilize yon òdinatè. M te rive tape grasa yon lojisyèl ki reyaji devan mouvman m fè ak tèt mwen. Sa fatigan, men, teknoloji sa a pèmèt mwen etidye Bib la e pataje esperans mwen ak lòt moun pa mwayen lèt ak imèl. Pou m te kominike ak moun ki bò kote m, m te gen yon tablo ki gen alfabè sou li. Moun ki avè m nan te montre m lèt yo youn pa youn. Lè l te chwazi move lèt la, m te ouvri je m byen laj; lè l te chwazi bon lèt la, m te fèmen je m. Nou te sèvi ak metòd sa a jiskaske nou te fòme mo yo ak fraz yo. Kèk nan sè ki te pase anpil tan avè m yo te vin fò nan devine sa m vle di. Lè pafwa, yo te twonpe yo de mo, nou te fè blag ak sa.

Virginia k ap gade alfabè ki sou tablo a pandan moun ki avè l la lonje dwèt sou yon lèt sou tablo a.

L ap kominike pa mwayen yon tablo ki gen alfabè sou li

“M renmen patisipe nan aktivite kongregasyon an. M toujou konekte pou reyinyon yo, kounye a, pa mwayen videyo konferans. M rive tape kòmantè m yo, epi yon moun li yo pandan patisipasyon kesyon repons yo. Epitou, m konekte ak gwoup predikasyon m nan pou n gade pwogram Tele JW ki soti chak mwaa.

“Kounye a, sa fè 23 an depi m ap soufri ak maladi sa a ki fè tout kò m paralize. Pafwa, m santi m tris. M rive fè fas ak moman tris sa yo lè m priye, pase tan ak frè ak sè yo ak lè m rete okipe nan sèvis Jewova a. Anfèt, grasa èd kongregasyon an, m te rive sèvi kòm pyonye oksilyè pandan plis pase sizan. M fè efò pou m yon bon egzanp pou pitit gason m nan, Alessandro, ki marye e k ap sèvi kòm ansyen kounye a. Li menm ansanm ak madanm li ap sèvi kòm pyonye pèmanan tou.

“Souvan, m konn medite sou bagay m ap kapab fè nan paradi a. Premye bagay mwen anvi fè se sèvi ak vwa m pou m pale konsènan Jewova. M ta renmen pwonmennen nan zòn andeyò yo bò ti rivyè yo jis pou m kontanple bèl peyizaj. Sa fè plis pase 20 an se likid sèlman m pran kòm manje pa mwayen yon tib, m pa ka tann moman pou m keyi yon pòm sou yon pye pòm e pou m kole dan m ladan l. Epi nòmalman, piske m se Italyen, m pa ka tann pou m ap fè manje italyen m pi renmen yo, tankou pitza, epi manje yo!

“‘Esperans delivrans lan’ pwoteje lespri m (1 Tesalonisyen 5:8). Lè m imajine tèt mwen nan monn nouvo a, sa ban m lajwa malgre limit mwen genyen nan domèn fizik, e mwen gen asirans talè konsa limit sa yo pap la ankò. Wi, m pa ka tann pou m pwofite ‘lavi toutbon’ Jewova pwomèt pou l ban nou pa mwayen Wayòm li an.” — 1 Timote 6:19; Matye 6:9, 10.

a Nou ka jwenn yon lyen Tele JW sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje