Lis sijè yo
3 Èske w ka bay èd nan kongregasyon w lan?
SEMÈN 2-8 ME 2016
6 Jèn: Èske w pare pou w batize?
SEMÈN 9-15 ME 2016
12 Jèn: Ki jan w ka prepare w pou w batize?
Antanke sèvitè Jewova, nou kontan anpil lè n wè gen anviwon 250 000 moun ki batize chak ane. Anpil nan moun ki franchi etap enpòtan sa a se jèn e gen kèk nan yo ki poko menm antre nan laj adolesan. Ki sa k te fè yo kwè yo pare pou yo batize? Ki sa yo te fè pou yo te prepare yo pou etap sa a? De atik sa yo pral reponn kesyon sa yo.
SEMÈN 16-22 ME 2016
18 Ki jan w ka kolabore pou n gen plis tèt ansanm antanke kretyen?
Jewova beni nou lè n kolabore youn ak lòt pou n fè volonte l. Atik sa a bay kèk sijesyon ki kapab ede n konn ki jan nou ka fè sa nan travay predikasyon an, nan kongregasyon an ak nan fanmi nou.
SEMÈN 23-29 ME 2016
24 Jewova ap gide pèp li a sou chemen lavi a
Jewova te toujou konn gide pèp li a. Atik sa a pale sou fason Bondye te konn bay nouvo enstriksyon ak nouvo direksyon toutpandan sitiyasyon pèp li a t ap chanje. Mete sou sa, nou pral wè kòman nou kapab konte sou Jewova pou n jwenn direksyon.