BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 novanm p. 11
  • Ann ret tann fen sistèm sa a avèk konfyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann ret tann fen sistèm sa a avèk konfyans
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Rete fidèl pandan “gwo tribilasyon” an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Wayòm Bondye a detwi tout ènmi l yo
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Amagedon se yon bon nouvèl!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Fason monn sa a pral rive nan bout li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 novanm p. 11
Yon frè k ap etidye liv “Jewova retabli vrè adorasyon an!”, l ap imajine zanj Jewova yo k ap pwoteje yon gwoup moun ki nan pèp Bondye a pandan Amagedon.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ann ret tann fen sistèm sa a avèk konfyans

Talè konsa, Jewova pral sispann demontre pasyans pou monn sa a. Fo relijyon an pral detwi, nasyon yo pral met tèt yo ansanm pou yo atake pèp Bondye a, e Jewova pral detwi mechan yo nan Amagedon. Kretyen yo ap tann kokennchenn evènman sa yo.

Byennantandi, nou pa konnen tout detay konsènan gwo tribilasyon an. Pa egzanp, nou pa konnen egzakteman ki lè l ap kòmanse. Nou pa konnen ki sa pisans politik yo pral di pou yo jistifye rezon ki fè yo pral atake relijyon yo. Nou pa konnen konbyen tan atak nasyon yo pral fè sou pèp Bondye a pral dire e ki sa k ap gen nan atak sa a. Nou pa konnen tou ki mwayen presi Jewova pral itilize pou l detwi mechan yo nan Amagedon.

Sepandan, ekriti yo ban n tout enfòmasyon n bezwen pou n fè fas ak lavni avèk konfyans e avèk kouraj. Pa egzanp, nou konnen n ap viv nan fen “dènye jou yo”. (2Ti 3:1.) Nou konnen atak yo pral fè sou relijyon yo pap dire paske “y ap retire nan jou sa yo”, yon fason pou vrè relijyon an pa detwi (Mt 24:22). Nou konnen Jewova pral sove pèp li a (2P 2:9). E nou konnen Sila yo Jewova te chwazi pou egzekite mechan yo e pou sove gwo foul la nan Amagedon jis e yo pisan. — Re 19:11, 15, 16.

Se sèten evènman ki pral rive yo pral fè moun yo “faya paske y ap pè”. Sepandan, lè nou li e nou medite sou aksyon Jewova te fè nan tan lontan pou l sove pèp li a, e sou sa li fè n konnen konsènan lavni, nou ka “kanpe dwat, [epi] leve tèt nou”, paske nou gen konfyans delivrans nou toupre. — Lk 21:26, 28.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje