LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Jezi te mouri pou frè w la tou
Jezi te bay lavi l pou moun ki enpafè (Wm 5:8). Pa gen dout nan sa, nou chak apresye lefètke Jezi renmen nou opwen li bay lavi l pou nou. Sepandan, pafwa nou ka bezwen raple tèt nou Kris te mouri pou frè nou yo tou. Ki jan nou ka suiv Jezi nan fason nou montre nou renmen frè ak sè nou yo ki enpafè menm jan ak nou? Ann wè twa fason nou ka fè sa. Premyèman, nou ka chèche ajoute lòt moun nan gwoup zanmi nou genyen, tankou moun ki pa gen menm kilti avè n oswa ki pa t leve menm jan avè n (Wm 15:7; 2Ko 6:12, 13). Dezyèmman, nou dwe veye pou nou pa di oswa fè yon bagay ki ka fè lòt moun fache (Wm 14:13-15). Finalman, si yon moun peche kont nou, nou dwe padone l byen vit (Lk 17:3, 4; 23:34). Si nou fè anpil efò pou nou imite Jezi fason sa yo, Jewova ap kontinye beni kongregasyon an, l ap fè l kontinye gen lapè ak inite ladan l.
GADE VIDEYO VIN PI BÈL!, EPI REPONN KESYON KI APRE YO:
Ki jan Miki te santi l okòmansman lè l t ap gade kongregasyon an?
Ki sa k te vin chanje fason l panse?
Ki jan egzanp Jezi te ede Miki chanje fason l panse? (Mk 14:38)
Ki jan Pwovèb 19:11 ede nou pou nou byen wè kretyen parèy nou yo?