Èske Pawòl Bondye a se yon fòs nan lavi n ap mennen chak jou?
Si nou li Bib la chak jou, sa ap ede nou vin “anrasinen” e sa ap ede nou “vin fèm nan lafwa”. (Kol. 2:6, 7.) Men, pou Pawòl Jewova a vin yon fòs nan lavi nou, nou dwe medite sou li e nou dwe aplike prensip ki ladan l yo (Ebre 4:12; Jak 1:22-25). Jozye 1:8 ban nou yon metòd pou nou li l ki efikas ki gen twa pwen ladan l: 1) Li Pawòl Bondye a “lajounen kou lannuit”. 2) Li l “tou ba”, sa vle di li l avèk yon vitès k ap pèmèt nou medite sou li e k ap pèmèt nou imajine sèn nan ak sikonstans yo. 3) Fè efò pou n aplike “tout sa ki ekri ladan l”. Si nou suiv konsèy sa yo, n ap “reyisi” e n ap “aji avèk sajès” nan lavi n ap mennen chak jou.