Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa me ak jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? oswa youn nan feyè sa yo: Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?, Èske soufrans ap janm fini?, Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi? Jiyè ak out: Bon nouvèl Bondye bay la!, Koute Bondye, Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Depi kòmansman ane sèvis 2015 lan, gen gwo chanjman yo fè nan kou pou lekòl pyonye yo. Mete sou sa, kounye a kou yo dire sis jou soti lendi pou rive samdi.
◼ Piske mwa out la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Lè yon gwoup ki gen 20 moun oubyen plis ap planifye pou yo vizite Betèl la ki nan Pòtoprens, yo dwe voye di Betèl la ki kantite moun k ap vini, dat la ak lè y ap vini an e yo dwe fè sa omwen twa semèn alavans. Anvan vizit la, yo dwe egzamine Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm mas 2008, paj 3, e yo dwe egzamine bwochi Fason moun k ap vizite Betèl la dwe abiye a. Li sou tablo enfòmasyon an.