BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/14 p. 2
  • Ann esplike lòt moun sa nou kwè sou 1914

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann esplike lòt moun sa nou kwè sou 1914
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Yon seri atik k ap itil nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? — Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? — Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “ Suiv mwen nètale ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 10/14 p. 2

Ann esplike lòt moun sa nou kwè sou 1914

Bib la ankouraje nou pou nou “pare pou nou defann” kwayans nou, men nou dwe “fè sa avèk dousè e avèk gwo respè”. (1 Pyè 3:15.) Natirèlman, nou ka twouve se yon defi pou n esplike lòt moun verite pwofon ki nan Bib la, tankou ki jan nou fè konnen Wayòm nan te kòmanse dirije an 1914. Pou ede nou, yo te prepare yon seri atik ki gen de pati ki gen tit: “Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la — Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije?” Atik sa yo parèt nan Toudegad n ap prezante moun yo nan predikasyon nan mwa oktòb ak novanm. Pandan w ap egzamine atik sa yo, fè yon ti reflechi sou kesyon ki vin apre yo konsènan metòd pwoklamatè ki rele Kamelo a te itilize nan konvèsasyon l yo.

Ki jan li te...

  • sèvi ak felisitasyon pou l te ka rete sou yon pwen li menm ak moun nan dakò? — Tra. 17:22.

  • montre li gen imilite lè li t ap esplike moun nan kwayans li? — Tra. 14:15.

Poukisa se te yon bon bagay lefètke li te...

  • fè yon ti rezime detanzantan anvan l te egzamine yon lòt pwen?

  • fè yon ti poz detanzantan pou l te mande moun nan èske l konprann sa l sot esplike l la?

  • veye pou l pa egzamine twòp enfòmasyon nan yon sèl konvèsasyon? — Jan 16:12.

Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova, “Gran Pwofesè” nou an, paske l anseye nou fason pou n esplike moun ki grangou nan domèn espirityèl yo verite pwofon ki nan Bib la! — Iza. 30:20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje