Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa avril: Toudegad ak Réveillez-vous!. Me ak jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? oswa youn nan feyè sa yo: Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?; Èske w ta renmen konn verite a?; Ki sa demen sere pou ou?. Jiyè: Bon nouvèl Bondye bay la!.
◼ Nou ka fè modifikasyon nan pwogram pou reyinyon sèvis la nan semèn anvan nou asiste kongrè distri oswa kongrè entènasyonal la, dekwa pou nou fè revizyon sou konsèy ak rapèl ki konsène kongrè a nou jwenn nan Ministè Wayòm sa a ansanm ak lèt 3 out 2013 yo te voye pou tout kongregasyon yo konsènan prekosyon nou dwe pran lè n ap asiste pwogram espirityèl yo. Yon mwa oubyen de mwa apre kongrè a, nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo te twouve ki itil yo nan travay predikasyon an.
◼ Vandredi 9 me 2014, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a, li pap posib pou moun vizite filyal la. Menm jan an tou, li pap posib pou moun vizite filyal la jou Memoryal la, lendi 14 avril 2014.