Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Nan kanpay predikasyon espesyal nou rele ann Ayiti “Masedwàn” nan, soti mwa jiyè pou rive mwa septanm 2013 te gen anviwon 900 pwoklamatè ki bay antou 99 gwoup ki te enskri pou yo t al sèvi nan yon tèritwa ki bezwen plis pwoklamatè. Nou te resevwa anpil rapò enteresan konsènan bèl travay pwoklamatè sa yo te fè. Pa egzanp, nan 2 semèn sèlman, yon gwoup ki gen 10 pwoklamatè ki t al Bewo, yon zòn ki pa lwen Okay, te gentan fè 116 nouvèl vizit e yo te kondui 27 etid biblik. E nou te ka site plizyè lòt egzanp enteresan konsa.