Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 26 out 2013, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou lekòl la chak semèn.
1. Ki leson trèzenpòtan nou aprann nan istwa kote Ewòd t ap chèche lwanj ak glwa nan men lèzòm? (Tra. 12:21-23) [1ye jiyè, w08 15/5 p. 32 § 7]
2. Ki byenfè jèn kretyen yo jwenn lè yo egzamine lavi Timote e yo suiv egzanp li? (Tra. 16:1, 2) [8 jiyè, w08 15/5 p. 32 § 10]
3. Apre Akila ak Prisil te fin koute Apolòs ki t ap “pale avèk kran” nan youn nan sinagòg ki te nan vil efèz, ki jan lanmou yo te gen pou Apolòs te pouse yo ede l? (Tra. 18:24-26) [15 jiyè, w10 15/6 p. 11 § 4]
4. Lè Temwen Jewova yo al nan tribinal ki nan peyi yo pou yo defann dwa yo genyen pou yo preche, sou ki fondman biblik desizyon yo pran an baze? (Tra. 25:10-12) [22 jiyè, bt p. 198 § 6]
5. Ki sa apot Pòl te fè pou l te ka jwenn yon fason pou l bay temwayaj malgre l te nan prizon nan vil Wòm, e ki sa sèvitè Jewova yo fè ki montre yo suiv egzanp li jodi a? (Tra. 28:17, 23, 30, 31) [29 jiyè, bt p. 215-217 § 19-23]
6. Poukisa Bib la fè konnen omoseksyalite se yon pratik ki pa natirèl e ki sal? (Wom. 1:26, 27) [5 out, g-F 1/12 p. 28 § 7]
7. Ki jan “ranson Kris Jezi te peye” nan ane 33 epòk nou an te ka kouvri “peche moun te fè” anvan li te bay ranson an? (Wom. 3:24, 25) [5 out, w08 15/6 p. 29 § 6]
8. Lè nou nan sitiyasyon ki tèlman mete nou nan konfizyon e nou pa konn sa pou n di nan priyè nou, ki dispozisyon Jewova pran nan moman sa a pou l ede nou? (Wom. 8:26, 27) [12 out, w08 15/6 p. 30 § 10]
9. Ki sa ekspresyon “pran abitid akeyi moun” nan vle di? (Wom. 12:13) [19 out, w09 15/10 p. 5-6 § 12-13]
10. Ki sa nou ka fè pou nou “abiye nou ak Seyè a, Jezi Kris”, jan apot Pòl te konseye kretyen yo pou yo fè sa? (Wom. 13:14) [26 out, w05 1/1 p. 21-22 § 20-22]